|

|
POU DIFIZE IMEDYATMAN
Madi 12 out 2014 |
KONTAKTE: Carline Faustin
305-995-1188 |
***NÒT POU LAPRÈS***
SIPÈENTANDAN AN PRAL FÈ YON EGZAMEN MEDIKAL NAN SANT MEDIKAL UHEALTH NAN LEKÒL SEGONDÈ MIAMI JACKSON, 15 OUT
|
Sipèentandan Lekòl yo Alberto M. Carvalho, administratè UHealth-University of Miami Health System, anplwaye M-DCPS (Lekòl Leta Miami-Dade) ak sitwayen ki enterese
|
|
Sipèentandan Lekòl yo pral fè yon egzamen medikal pandan l ap fè yon tou nan Sant Medikal UHealth nan Lekòl Segondè Miami Jackson |
KILÈ: |
Vandredi 15 out 2014 a 11è dimaten
|
KI KOTE: |
UHealth Medical Center at Miami Jackson Senior High School
1751 N.W. 36 Street
Miami, FL 33142
|
POUKISA: |
Lekòl Leta Miami-Dade County te asosye l avèk UHealth-University of Miami Health System pou l ofri yon mezon medikal pou anplwaye M-DCPS yo, depandan yo ak retrete ki enskri nan plan asirans sistèm lekòl la. Sant la pral anplwaye yon doktè University of Miami, yon enfimyè praktisyen ak anplwaye enfimyè pral bay sèvis laboratwa, egzamen medikal, sipò enfimyè, edikasyon sou byennèt fizik e voye referal bay espesyalis UM (University of Miami).
Sant la pral ouvè 18 out lè fonksyònman yo ap lendi-vandredi a 7è dimaten pou 7è diswa e samdi a 9è dimaten pou midi. Nou ka fè randevou sou Entènèt e vizit san randevou disponib. Pasyan yo dwe pote kat idantifikasyon Cigna yo. |
VIZYÈL: |
-Sipèentandan an ap fè yon egzamen medikal
-Ekipman medikal dènye kri
-Sipèentandan an ap aksesib
-Administratè UHealth-University of Miami Health System ap aksesib
-Doktè a ap aksesib
|
# # #
14-DGD/023/DF/RL
Retounen sou Nòt pou Laprès |