POUKISA: |
Kòm distri lekòl la ap prepare l pou lanse yon nouvo ane lekòl lendi pwochen, Depatman Transpòtasyon pral fè yon egzèsis pratik avèk flòt otobis lekòl li yo. Prèske 1,300 otobis pral patisipe nan gwo operasyon sa a ki se transpòte 60,000 elèv lekòl Miami-Dade chak jou atravè 1,100 wout nan konte a.
Lekòl Leta Miami-Dade County lanse resamman yon nouvo aplikasyon mobil pou ofri paran, elèv, ak anplwaye aksè pi rapid sou enfòmasyon lekòl ki ajou. Youn nan karakteristik aplikasyon yo se enfòmasyon sou wout otobis yo. Dadeschools Mobile, aplikasyon ofisyèl sistèm lekòl la disponib kounye a pou telechaje gratis pou telefòn “iPhone” ak “Android.”
|