POU DIFIZE IMEDYATMAN
Lendi 8 septanm 2014

KONTAKTE: Carline Faustin
Miami-Dade County Public Schools
305-995-1188

 

LEKÒL LETA MIAMI-DADE COUNTY AP PATISIPE NAN JOUNEN CPR MIAMI
Plizyè Milye Moun Resevwa Fòmasyon nan CPR Atravè Miami-Dade

Pou reponn a panse rapid e ladrès siperyè nan CPR Pamela Rauseo ki sove lavi neve senk-mwa li a, Sebastian de la Cruz, Lekòl Leta Miami-Dade County te asosye l ak Jackson Health System, University of Miami, American Heart Association ak American Red Cross of Greater Miami & The Keys pou prezante Jounen CPR Miami.  Jou ki te 6 septanm, prèske 5,000 Floridyen Sid Florid te jwenn fòmasyon gratis nan sèvi ak teknik premye sekou nan uit lokasyon atravè Miami-Dade.

Sipèentandan Lekòl yo Alberto M. Carvalho te rankontre avèk Pamela Rauseo, Ofisye Egzekitif Anchèf Jackson Health System Carlos Migoya, ak Prezidan University of Miami Donna Shalala, nan fòmasyon pou pèfòme teknik premye sekou CPR.

Rezidan Miami-Dade ap patisipe nan yon fòmasyon gratis pandan Jounen CPR Miami nan Fieldhouse nan BankUnited Center, youn nan uit lokasyon ki disponib pou evènman sa a.

Ofisye Anchèf Jackson Health System Carlos Migoya, Prezidan University of Miami Donna Shalala, ak Sipèentandan Alberto M. Carvalho ap pwomote patenarya Jounen Premye Sekou CPR Miami.

Sipèentandan Alberto M. Carvalho ak Pamela Rauseo ap pèfòme teknik premye sekou.

Sipèentandan Alberto M. Carvalho ak Prezidan University of Miami
Donna Shalala pandan fòmasyon CPR yo a.

 

###

14-DGD/049/VL/RL

 

 

Retounen sou Nòt pou Laprès