|

|
POU DIFIZE IMEDYATMAN
Mèkredi 24 septanm 2014 |
KONTAKTE: Carline Faustin
305-995-1188 |
***NÒT POU LAPRÈS***
LEKÒL ELEMANTÈ TWIN LAKES SELEBRE OUVÈTI NOUVO RENOVASYON BIBLIYOTÈK KI FÈK FÈT AK DON “TARGET” AK FONDASYON “THE HEART OF AMERICA”
Renovasyon an gen ladan 2,000 nouvo liv ak modènizasyon teknoloji
|
Perla Tabares-Hantman, Chèmann Komisyon Konsèy Lekòl Miami-Dade County, Florida
Carlos Hernandez, Majistra Vil Hialeah ak lòt ofisyèl ki eli
Ivette Bernal Pino, Direktris
Elèv ak paran Lekòl Elemantè Twin Lakes
Volontè Target ak “The Heart of America Foundation” (Fondasyon Kè Amerika)
|
|
Target ak The Heart of America Foundation pral ouvè yon bibliyotèk yo fèk renove nan Lekòl Elemantè Twin Lakes. Volontè te envesti plizyè santèn èdtan nan replanifikasyon ak konstriksyon espas bibliyotèk la, ki gen ladan 2,000 nouvo liv, mèb, kapèt ak etajè, e modènizasyon teknoloji konplè, tankou nouvo “iPads”, tablo blan entèraktif e plis. Nan re-imajine bibliyotèk lekòl yo e transfòme espas ki pa ajou tounen sant aprantisaj dènye kri, Target kontinye ankouraje renmen pou lekti lakay elèv atravè peyi a.
Ane sa a, Lekòl Elemantè Twin Lakes se youn nan 25 lekòl elemantè atravè peyi a ki resevwa yon nouvo bibliyotèk kòm yon pati nan pwogram Target School Library Makeover (Renovasyon Bibliyotèk Lekòl Target), ki pral abouti avèk selebrasyon 200yèm Renovasyon Bibliyotèk Lekòl, 14 novanm, yon gwo evènman nan pwogram nan. Atravè pwogram tankou sa a, Target sou wout pou l bay $1 milya pou edikasyon vè fen 2015 la. |
KILÈ: |
Vandredi 26 septanm 2014
Volontè Target ap pase dènye men sou espas bibliyotèk la: 8:30 dimaten
Seremoni Koupe Riban ak Diskou: 10:30 dimaten
|
KI KOTE: |
Twin Lakes Elementary
6735 W 5 Place
Hialeah, FL 33012
|
VIZYÈL |
Volontè ap ranje liv, mèb ak dekore bibliyotèk la anvan elèv yo rive, yon seremoni koupe riban avèk pwofesè e anplwaye ki pral wè bibliyotèk la pou premye fwa.
|
# # #
14-DGD/070/DL/RL
Retounen sou Nòt pou Laprès |