POU DIFIZE IMEDYATMAN
Jedi 25 septanm 2014

KONTAKTE: Carline Faustin
Miami-Dade County Public Schools
305-995-1188

 

JOUNEN APRANTISAJ DIJITAL NAN LEKÒL SEGONDÈ MIAMI JACKSON

Uisan edikatè te patisipe nan youn nan pi gwo jounen fòmasyon pwofesyonèl nan istwa distri a. Lekòl Leta Miami-Dade County mete avèk 30 patnè edikasyonèl ak teknoloji li yo, tankou “Discovery Education”, “McGraw-Hill”, “Microsoft” ak “Promethean USA” pou fòme edikatè distri a sou kòman pou itilize kontni dijital ak teknoloji pi byen pou maksimize agajman elèv pandan akonplisman yo ap ogmante.

Jennifer Murray, yon pwofesè nan Lekòl Segondè Hialeah-Miami Lakes di, “Jounen Aprantisaj Dijital la te ofri edikatè nan Lekòl Leta Miami-Dade County yon opòtinite pou vin familye avèk yon gwo kantite zouti teknolojik ki pratikman nan pwent dwèt nou… Itilizasyon ak konpreyansyon tèminoloji teknolojik la ofri yon konsèp edikasyonèl ki bay opòtinite pou ansèyman ak aprantisaj kolaboratif.”

Sesyon fòmasyon yo itilize teknoloji entèraktif tankou tablo “Promethean” ak lòt aparèy dijital. Fòmatè ak edikatè te travay ansanm pou eksplore koleksyon kontini dijital ki disponib pou tout elèv nan distri a.

Plizyè santèn edikatè Lekòl Leta Miami-Dade County te aprann fason pou entegre medya dijital nan salklas yo.

Edikatè Miami-Dade te aprann sou pwogram teknoloji dinamik e plizyè resous dijital ki disponib pou itilizasyon yo.

 

###

14-DGD/071/DL/RL

 

 

 

Retounen sou Nòt pou Laprès