|

|
POU DIFIZE IMEDYATMAN
Lendi 29 septanm 2014 |
KONTAKTE: Carline Faustin
305-995-1188 |
***NÒT POU LAPRÈS***
KONFERANS POU LAPRÈS: SEKIRITE LEKÒL,
KANPAY NASYONAL “SI OU WÈ YON BAGAY, DI YON BAGAY”
|
Sipèentandan Lekòl Miami-Dade Alberto M. Carvalho, Chèf Polis Lekòl Miami-Dade Ian Moffett, lòt chèf polis nan Miami-Dade County, reprezantan polis lokal, eta, ak federal, e lidè kominotè
|
|
Kanpay nasyonal “If You See Something, Say Something” (Si Ou Wè Yon Bagay, Di Yon Bagay) |
KILÈ: |
Madi 30 septanm 2014
1è nan aprèmidi
|
KI KOTE: |
Law Enforcement Officers’ Memorial High School Auditorium
300 N.W. 2nd Avenue
Miami, FL 33128
|
POUKISA: |
Resamman, yon elèv lekòl mwayen Miami-Dade te demontre gwo kouraj ak entegrite lè li te vin rapòte yon menas nan lekòl li. Grasa elèv brav sa a ki “te wè yon bagay e li te di yon bagay,” Polis Lekòl Miami-Dade te kapab tousuit e ansekirite elimine yon sitiyasyon ki te ka danjere nan lekòl la.
Nan kòmansman ane a, Lekòl Leta Miami-Dade County te vin premye e sèl distri lekòl nan peyi a pou fè patenarya avèk “U.S. Department of Homeland Security” (Depatman Sekirite Teritoryal Etazini) e adopte kanpay nasyonal “Si Ou Wè Yon Bagay, Di Yon Bagay”. Inisyativ la ankouraje gason, fi, ak timoun pou rapòte aktivite e konpòtman yo sispèk.
|
# # #
14-DGD/074/TC/RL
Retounen sou Nòt pou Laprès |