POU DIFIZE IMEDYATMAN
Lendi 29 septanm 2014

KONTAKTE: Carline Faustin
Miami-Dade County Public Schools
305-995-1188

 

***DIFIZYON FOTO***

“LADY ANTEBELLUM” SIPRANN YON PWOFESÈ MIZIK M-DCPS AVÈK NOUVO ENSTRIMAN, TIKÈ GRATIS POU KONSÈ YO A NAN NYC

Yo chwazi Vivian Gonzalez, yon pwofesè mizik eksepsyonèl nan Sant K-8 South Miami e ka finalis pou Meyè Edikatè Mizik “Grammy” pou Ane a, kòm youn nan sèt fanatik gwoup mizik “Country” “Lady Antebellum” ap vizite avan albòm yo a soti e avan yo fè konsè yo a demen swa.    

Chantè yo te bay Gonzalez sipriz la pandan klas mizik li fè nan maten an, ki te plen elèv ki gen ladan   de pitit fi li yo.  Twa manm gwoup la antre nan salklas la, yo ba li yon gwo akolad, yo felisite l pou tout travay di ak devouman li nan anseye elèv yo, e yo prezante li enstriman tounèf.

Elèv li yo aplodi e yo pouse gwo kri eksitasyon.  Yo te chante yon chante tou pou gwoup la e yo te chante youn nan chante ki pi popilè gwoup Lady Antebellum ansanm ak mizisyen selèb yo.

Mari Gonzalez te mete l nan konpetisyon an san li pa konnen.  Li pa t ka kwè yo te chwazi Gonzalez, men li fè konnen madanm li te merite sa e plis toujou.  Yo toude ap pran avyon pou New York City demen swa pou konsè Lady Antebellum ap fè nan okazyon soti nouvo albòm yo a.  Gonzalez te sèl      edikatè yo te chwazi pou konpetisyon sa a.    

 

###

14-DGD/077/DL/CM

 

 

 

Retounen sou Nòt pou Laprès