|
KANPAY NASYONAL “SI OU WÈ YON BAGAY, DI YON BAGAY”
Sipèentandan Lekòl yo Alberto M. Carvalho anonse patenarya “Si Ou Wè Yon Bagay, Di Yon Bagay” avèk Depatman Sekirite Teritoryal pandan elèv nan pwogram Ofisye pou Aplikasyon Lalwa Lekòl Segondè Memorial ap gade. MIAMI – Sipèentandan Lekòl Leta Miami-Dade Alberto M. Carvalho anonse jodi a Lekòl Leta Miami-Dade County rete angaje ak patenarya li avèk Depatman Sekirite Teritoryal Etazini nan adopte inisyativ “Si Ou Wè Yon Bagay, Di Yon Bagay”. Sipèentandan Carvalho te akonpaye avèk Vis Chèmann Komisyon Konsèy Lekòl Dtè. Lawrence Feldman, Chèf Ian Moffett “Miami-Dade Schools Police (MDSP)” (Polis Lekòl Miami-Dade), ofisyèl lapolis lokal, eta, ak federal ansanm ak Joe Gebara, Prezidan Konsil PTA/PTSA Miami-Dade ak Reveran Jerome Starling. Sipèentandan Lekòl yo Alberto M. Carvalho di, “Nou bezwen pou kominote nou an vin zye ak zòrèy nou e pou l gen kouraj pou sispann fè silans… Si ou wè yon bagay, di yon bagay, pou sekirite timoun nou yo… Nou pa ka fè sa poukont nou.” Nan kòmansman ane a, “Miami-Dade County Public Schools (M-DCPS)” (Lekòl Leta Miami-Dade County) te vin premye e li toujou sèl distri lekòl nan peyi a pou fòme patenarya avèk Sekirite Teritoryal e adopte inisyativ atravè tout peyi a. Inisyativ la ankouraje kominote a pou rapòte konpòtman ak aktivite yo sispèk bay polis. Patenarya a jwe yon wòl enpòtan nan ede kenbe lekòl yo, elèv yo, ak anplwaye yo ansekirite ki evidan resamman nan aksyon brav yon elèv lekòl leta Miami-Dade ki te rapòte yon menas bay lekòl li. Yo ankouraje elèv, paran, anplwaye, ak kominote a pou rapòte nenpòt konpòtman oubyen aktivite ki dwòl nan e alantou lekòl yo nan 305-995-COPS oubyen 855-FLA-SAFE. ### 14-DGD/078/TC/RL
|