|
***DIFIZYON FOTO*** M-DCPS LANSE ÒDINATÈ AK PWOGRAM ENTÈNÈT GRATIS Sipèentandan Lekòl yo Alberto M. Carvalho te lanse pwojè “Jumpstart CONNECT@HOME” nan Lekòl Elemantè Liberty City jodi a. Tout elèv nan twazyèm, katriyèm, ak senkyèm ane eskolè, nan 11 lekòl elemantè yo vize, pral resevwa yon aparèy òdinatè e aksè Entènèt gratis pou itilize lakay yo kòm pati nan pwojè a. Elèv pral itilize aparèy la pou pratike ladrès lekti ak matematik lakay yo atravè “My On Readers” ak “Reflex Math”, ansanm ak lòt pwogram edikasyonèl ki aksesib atravè pòtal elèv la.
Sipèentandan Lekòl yo Alberto M. Carvalho rankontre avèk elèv ak paran Lekòl Elemantè Liberty City pou distribye òdinatè ak sèvis Entènèt gratis kòm pati nan pwojè “Jumpstart CONNECT@HOME”.
### 14-DGD/82/DF/RL
|