POU DIFIZE IMEDYATMAN
Vandredi 3 oktòb 2014         

KONTAKTE: Carline Faustin
Miami-Dade County Public Schools
305-995-1188

 

YO AKÒDE M-DCPS DON $4.3 MILYON POU SIPÒTE SEKIRITE LEKÒL
 

MIAMI – “Office of Justice Programs’ National Institute of Justice (NIJ)” (Biwo Pwogram Jistis Enstiti Nasyonal Jistis) akòde “Miami-Dade County Public Schools (M-DCPS)” (Lekòl Leta Miami-Dade County) $4.3 milyon don atravè “Comprehensive School Safety Initiative (CSSI)” (Inisyativ Konpreyansif Sekirite Lekòl).  Fon an pral sipòte sekirite lekòl atravè inisyativ “Campus Shield” (Pwoteksyon Kanpous) distri a, yo enplemante anba "If You See Something, Say Something” (Si Ou Wè Yon Bagay, Di Yon Bagay), kanpay nasyonal Depatman Sekirite Teritoryal Etazini.  Distri lekòl la te anonse patenarya Sekirite Teritoryal la nan kòmansman ane sa a.

Sipèentandan Lekòl yo Alberto M. Carvalho di, ‘‘Envestisman federal siyifikatif $4.3 milyon an pral pèmèt devlopman teknoloji entèraktif ki pral ogmante pwoteksyon ak sekirite nan Lekòl Miami-Dade County.’’  

"Campus Shield" se yon pwogram inovatif "Miami-Dade Schools Police (MDSP)" (Polis Lekòl Miami-Dade) pilote ki bay yon andwa santral pou resevwa, jere, e pibliye enfòmasyon ki gen rapò ak menas sou sekirite lekòl.  Sistèm nan fasilite pataj enfòmasyon ant diferan ajans ki ka benefisye lekòl ak elèv nan adrese menas anvan yo tounen aksyon.  

Pwogram nan ofri yon fason inik pou adrese krim nan mete ansanm moun ki la pou fè respekte lalwa ak founisè sante mantal – yon analis krim ak yon espesyalis sante mantal, pa egzanp pou travay nan kole zepòl pou benefis elèv yo.  Kriz sante mantal elèv yo se sousi patikilye – ‘‘Campus Shield’’ gen chans pou dewoute sikonstans kote elèv yo kapab diskite sou menas pwòp sekirite yo e/oubyen sekirite lòt moun, ki soti nan faktè siko-sosyal ki bay estrès.

Yo te enplemante "Campus Shield" aprè yon tab wond konjwen Sipèentandan Alberto M. Carvalho, Majistra Carlos Gimenez ak chèf polis Miami-Dade County.  Inisyativ sa a enpòtan nan fason MDSP kolekte, anmagazine, e sèvi ak enfòmasyon pou asire lekòl ak anviwònman aprantisaj ki an sekirite.  Objektif "Campus Shield" se pou adrese grandè menas sekirite lekòl e pou devlope enfòmasyon konkrè pou yon repons imedyat e apwopriye pou yon menas lekòl.

CSSI se yon efò rechèch gran-echèl, plizyè-ajans pou devlope konesans sou apwòch efikas pou ogmante sekirite lekòl nan atravè peyi a.  Atravè CSSI, 24 pwojè rechèch resevwa finansman anba de (2) solisitasyon diferan.  M-DCPS resevwa finansman anba "Devlope Konesans sou Sa ki Efikas pou Fè Lekòl Gen Sekirite." Lòt solisitasyon an konsantre sou "Rechèch Envestigatè Inisye."

NIJ gen responsablite prensipal pou CSSI; sepandan, pwogram nan se yon efò kolaboratif pami plis pase 20 patnè federal, ki gen ladan Depatman Jistis, Depatman Edikasyon, Depatman Sante ak Sèvis Imen, Depatman Sekirite Teritoryal, ak Depatman Trezò.  Objektif CSSI se: kolekte done nivo-nasyonal; pou konvoke moun ki gen enterè pou yo idantifye e pataje pi bon pratik; e fè rechèch inovatif e evalye pwojè pilòt nan distri lekòl yo.

###

14-DGD/083/TTR/SD

 

 

Retounen sou Nòt pou Laprès