|

|
POU DIFIZE IMEDYATMAN
Vandredi 17 oktòb 2014 |
KONTAKTE: Carline Faustin
Miami-Dade County Public Schools
305-995-1188 |
YO CHWAZI AKADEMI ENFÒMATIK LEKÒL SEGONDÈ HIALEAH GARDENS POU PATISIPE NAN “THE LENOVO SCHOLAR NETWORK” POU PWOCHEN JENERASYON LIDÈ STEM
Miami, FL – Oktòb 2014 – Yo chwazi “The Academy of Information Technology (AOIT)” (Akademi Enfòmatik) nan Lekòl Segondè Hialeah Gardens kòm youn nan dis akademi nan tout peyi Etazini pou patisipe nan “Lenovo Scholar Network” (Rezo Entèlektyèl Lenovo). Pwogram sa a pèmèt pwochen jenerasyon devlopè ak antreprenè, atravè yon devlopman kourikoulòm “mobile app” (aplikasyon mobil) solid, pou patisipe nan yon konpetisyon ki baze sou yon pwojè ki bay elèv responsablite pou desine e devlope yon mobil app ak yon plan biznis pou mete app la sou mache.
Entansyon pwogram nan se pou ekspoze e ankouraje enterè elèv yo nan STEM (syans, teknoloji, jeni ak matematik) nan sèvi avèk lojisyèl Envantè App Sant Aprantisaj pou Mobil nan “Massachusetts Institute of Technology (MIT)” ( Enstiti Teknoloji Massachusetts) devlope. Elèv ki satisfè demand kritè Lenovo Scholar Network la avèk siksè ap resevwa yon plak distenksyon “Lenovo App Scholar,” pou rekonèt akonplisman yo nan teknoloji, jesyon biznis, entreprenarya ak devlopman pwodui.
Lenovo ap bay 20 elèv yo “PC” (Òdinatè Pèsonèl) ak aparèy “tablet” pou asiste yo nan enplemante kourikoulòm nan. Pwodui yo gen ladan aparèy PC pou devlopman elèv ak kolaborasyon pou kodaj, ak aparèy “tablet” Lenovo pou fè tès ak kredibilite mobil app la. Aparèy Lenovo sa yo pral pèmèt elèv yo devlope plan maketing yo ak estrateji pou mete app la sou mache a.
Depatman ‘‘Career and Technical Education (CTE)’’ (Edikasyon Teknik ak Karyè) M-DCPS bay elèv edikasyon karyè teknik kalite siperyè, enpòtan, ki bay elèv yo ladrès ak konesans yo bezwen pou fè siksè nan kolèj ak karyè pou nouvo ekonomi an. Pou plis enfòmasyon, silvouplè kontakte CTE nan 305-693-3030 oubyen ale nan : http ://dcte.dadeschools.net

Elèv AOIT Lekòl Segondè Hialeah Gardens ak pwofesè anchaj yo, Jose Mendez
Apwopo Fondasyon Akademi Nasyonal (NAF)
“The National Academy Foundation (NAF)’’ (Fondasyon Akademi Nasyonal) se yon rezo akademi yo aklame ki baze sou tèm-karyè ki ouvè pòt karyè kredib pou elèv lekòl segondè ki defavorize. Akademi NAF yo konsantre sou youn nan senk tèm karyè: finans, ospitalite ak touris, enfòmatik, jeni, ak syans sante. Prèske 5,000 pwofesyonèl biznis ap fè volontè nan salklas, travay kòm konseye, mete elèv NAF nan estaj peye, e sèvi nan komisyon konsèy lokal yo. An 2013, selon rapò akademi NAF 96 pousan elèv lekòl segondè te gradye. Pou plis enfòmasyon, ale nan http://naf.org
###
14-DGD/095/JS/SD
Retounen sou Nòt pou Laprès |