|

|
POU DIFIZE IMEDYATMAN
Vandredi 7 novanm 2014 |
KONTAK: Carline Faustin
Miami-Dade County Public Schools
305-995-1188 |
LEKÒL LETA MIAMI-DADE COUNTY AK SENDIKA PWOFESÈ DADE JWENN YON AKÒ PWOVIZWA
"Miami-Dade County Public Schools (M-DCPS)" (Lekòl Leta Miami-Dade County) ak "United Teachers of Dade (UTD)" (Sendika Pwofesè Dade)" jwenn yon akò pwovizwa jodi a nan negosyasyon kontra pou plis pase 21,000 ansèyman ak 4,600 anplwaye sipò ak anplwaye biwo.
Sipèentandan Lekòl Alberto M. Carvalho di, "Malgre yon mank finansman nan lajan taks yo kolekte ki afekte pwomès pou ekite nan fon pou timoun nan Miami-Dade, nou te jwenn li posib pou nou negosye yon kontra ki onore pwofesyon pwofesè e avanse echèl salè pou tout pwofesè."
Akò pwovizwa a reprezante yon total ogmantasyon konpansasyon 4.3 pousan, ki gen ladan yon de (2) pousan ogmantasyon siplemantè pwoposyonèl salè ak yon en pousan siplemantè pwopòsyonèl pou yon fwa e yon 1.3 pousan pou kenbe frè swen sante.
Yon $14 milyon ogmantasyon pou benefis sante, Komisyon Konsèy pran an chaj pandan yon tan kote frè pou swen sante ap eskalade drastikman, ki redui potansyèl chaj sou anplwaye jiska 1.3 pousan.
Anplwaye sipò enstriksyonèl (parapwofesyonèl, ajan sekirite, ak anplwaye biwo UTD) tou pral resevwa yon ogmantasyon salè de (2) pousan plis yon sipleman en pousan yon fwa.
Depans total pou pwopòzisyon salè sa a ak benefis pou toude pwofesè ak anplwaye sipò edikasyonèl se $40.9 milyon.
Distri a ak sendika a tou rive jwenn yon akò ki gen pou wè ak ajisteman tan e orè pou manman ki fèk akouche pou pèmèt yo rete ak pitit yo.
Carvalho di, "Jodi a se yon bonjan moman ki an favè pwofesè nan Miami-Dade. Kobine ogmantasyon konpansasyon ak yon pake benefis siperyè pral rekonpanse moun ki gen pi gwo enpak sou avni elèv nou yo: pwofesè ak anplwaye sipò nou yo."
Akò pwovizwa sa a sijè pou jwenn ratifikasyon manm UTD e apwobasyon Komisyon Konsèy Lekòl Leta Miami-Dade.
###
14-DG/0122/JS/CF
Retounen sou Nòt pou Laprès |