|

|
POU DIFIZE IMEDYATMAN
Lendi 8 desanm 2014 |
KONTAK: Carline Faustin
Miami-Dade County Public Schools
305-995-1188 |
ODITÈ EKSTÈN BAY DOKIMAN FINANSYE M-DCPS
PI GWO OPINYON
Oditè ekstèn McGladrey, LLP, “Miami-Dade County Public Schools (M-DCPS)” (Lekòl Leta Miami-Dade County), resamman prezante distri lekòl la opinyon ki pi favorab la, baze sou rapò finansye li. Sa vle di, li tradui yon pratik kontablite finansye, avèk distri a ki ap mennen operasyon fiskal yo yon fason ki ekstrèmman responsab.
Nan yon rapò resan, oditè yo te konkli, “…rapò finansye debaz yo… fini an konfòmite avèk prensip kontabilite yo jeneralman aksepte Ozetazini.” Langaj sa a reprezante yon opinyon valab e fòmidab, ki se pi gwo opinyon yo ka bay rapò finansye.
M-DCPS resevwa sètifika ekselans nan men Asosyasyon Ofisye Finans Gouvènman an pandan 29 ane e nan men Asosyasyon Ofisyèl Biznis Lekòl pandan 30 ane. Anplis, an 2012, “Council of the Great City Schools” (Konsèy Lekòl nan Gran Vil) yo te prezante distri lekòl la tou Prim Ekselans dezirab nan Jesyon Finansye.
Komite Konsèy sou Odit ak Bidjè Komisyon Konsèy Lekòl la pral revize rapò sa a nan reyinyon 10 desanm 2014 la e li pral fè rekòmandasyon apwopriye.
###
12-DGD/144/DL/CM
Retounen sou Nòt pou Laprès |