POU DIFIZE IMEDYATMAN
Madi 7 jiyè 2015      

KONTAK: Carline Faustin
305-995-1188

***NÒT POU LAPRÈS***

FONDASYON POU NOUVO INISYATIV NAN EDIKASYON AP RESEVWA $15,000 NAN MEN DSW

KIYÈS: 

The Foundation for New Education Initiatives, Inc. (FNEI)” (Fondasyon pou Nouvo Inisyativ nan Edikasyon), Sipèentandan Lekòl yo Alberto M. Carvalho, Egzekitif DSW

KISA:
Prezantasyon chèk
KILÈ: 

Jedi 9 jiyè 2015
11è dimaten

KI KOTE: 

Miami-Dade School Board Administration Building
1450 NE 2nd Ave., Room 904
Miami, FL 33132

POUKISA:

Anplwaye Lokal DSW te nonmen FNEI pou patisipe nan yon defi medya sosyal pou pwomote enpak li sou elèv Miami-Dade yo. Men poukisa yo te bay FNEI $15,000:

  • Lekòl Leta Miami-Dade County se youn nan distri lekòl ki pi divès nan peyi a. Nan 349,945 elèv nou yo, 66 pousan se Ispanik; 24 pousan se Afriken Ameriken; uit pousan se Blan ki Pa Ispanik; e de pousan se desandan lòt ras e oubyen etnisite.
  • FNEI bay prèske 3,600 elèv sanzabri ak fanmi yo manje ak rad.
  • FNEI bay elèv plis pase $30,000 anyèlman pou bousetid kolèj.
  • Pwogram Paspò Kiltirèl FNEI a pèmèt plis pase 400,000 elèv fè eksperyans yon aktivite kiltirèl, gratis. Pou pifò elèv, se te premye eksperyans evènman kiltirèl yo te janm fè.

Pou plis enfòmasyon sou konkou a, vizite http://shoeloverscare.com/




# # #

15-DGD/001/DL/RL

 

 

Retounen sou Nòt pou Laprès