|
SIPÈENTANDAN CARVALHO PRAL PREZANTE REKÒMANDASYON BIDJÈ A Sipèentandan Alberto M. Carvalho prezante Komisyon Konsèy Lekòl Miami-Dade County rekòmandasyon bidjè pou ane lekòl ki ap vini an jodi a. Li etabli bidjè total la pwovizwaman a $4.83 milya, ki reprezante yon ogmantasyon $330 milyon sou Bidjè Komisyon Konsèy Lekòl 2014-15 la, avèk majorite ogmantasyon an soti nan elajisman “Capital funding” (Benefis sou Envestisman). Chèmann Komisyon Konsèy Perla Tabares Hantman ajoute, “Jesyon fiskal responsab e modere pèmèt nou fè bon rezilta, ki gen ladan ogmantasyon frè sou swen sante ki pi ba pase sa nou te espere. Bidjè a pwoteje moun ki ap peye taks yo nan diminye taks sou pwopriyete de yon ka “mill” (1/10 santim), ki diminye taks yon pwopriyetè kay mwayen ap gen pou peye. Bidjè Sipèentandan an pwopoze a elaji sipò Pwogram Magnet ak Chwa yo, Sèvis Gidans, Sèvis “ESE” ak Sèvis Bileng. Li ogmante depans pou pwoteksyon/sekirite nan lekòl de twa pousan sou nivo li ye kounye a.
Gen yon premye odyans sou bidjè a ki pwograme pou 29 jiyè 2015 ak yon odyans final sou bidjè a 9 septanm 2015. ### 16-DGD/002/JJS/CM
|