POU DIFIZE IMEDYATMAN
Jedi 9 jiyè 2015    

KONTAK: Carline Faustin
305-995-1188

***NÒT POU LAPRÈS***

MIAMI MARLINS PRAL VIZITE LEKÒL MWAYEN JOSE DE DIEGO POU SIPÒTE PWOGRAM ETE “BREAKSPOT”

KIYÈS: 

Elèv Miami-Dade, Jwè Miami Marlins

KISA:
Miami Marlins Pral Vizite Lekòl Mwayen Jose de Diego
KILÈ: 

Vandredi 10 jiyè 2015
11:30 dimaten - 12:30 nan aprèmidi

KI KOTE: 

Jose de Diego Middle School
3100 NW Fifth Avenue
Miami, FL 33127

POUKISA:

Depatman Manje ak Nitrisyon “Miami-Dade County Public Schools’ (M-DCPS)” (Lekòl Leta Miami-Dade County) trè devwe pou l asire tout timoun nan kominote nou yo gen aksè a manje nourisan pandan ete a lè pa gen lekòl. M-DCPS, atravè Depatman Agrikilti ak Sèvis Konsomatè, sipòte pwogram manje ete ki kenbe timoun aktif e okipe lè pa gen lekòl, pandan li ap ofri nitrisyon ki enpòtan.

Pwogram “BreakSpot” Ete 2015 la ofri manje nourisan gratis, amizman rekreyatif ak aktivite edikasyonèl pou timoun ki gen 18 an e pi jèn nan plis pase 3,600 andwa atravè eta a pandan ete a. Ane dènyè, pwogram nan te bay apeprè 300,000 timoun plis pase 13.5 milyon repa, ki kontinye ogmantasyon manje nan vakans ete ki fèt nan eta a depi Depatman Agrikilti Florid ak Sèvis Konsomatè pran chaj pwogram nitrisyon lekòl yo an 2012.

Pou plis enfòmasyon sou Pwogram Ete “BreakSpot”, vizite SummerFoodFlorida.org.

VIZYÈL: Jwè Miami Marlins ap fè aktivite pandan yo ap sèvi elèv manje

# # #

  15-DGD/006/VL/RL

 

 

Retounen sou Nòt pou Laprès