POU DIFIZE IMEDYATMAN
Madi 21 jiyè 2015         

KONTAK: Carline Faustin
305-995-1188

***NÒT POU LAPRÈS***

SIPÈENTANDAN CARVALHO AP ANTÈT YON DELEGASYON MIAMI KI PRAL D.C. POU DISKISYON NASYONAL SOU RÈG DISIPLIN LEKÒL

KIYÈS: 

Sipèentandan Lekòl yo Alberto M. Carvalho, Depite Sipèentandan Valtena Brown, ak Ofisye Anchèf Akademik Marie Izquierdo

KISA:
Sipèentandan Carvalho ak Delegasyon Miami a pral kite Ayewopò Miami Entènasyonal aprèmidi a pou yon reyinyon nan Mezon Blanch mèkredi
KILÈ: 

Madi 21 jiyè 2015
3:20 nan aprèmidi disponiblite nan Ayewopò Entènasyonal Miami
2100 NW 42nd Ave, Miami, FL 33126
American Airlines, Tèminal 3 (toupre Starbucks)

Mèkredi, 22 jiyè 2015
Konvansyon sou ‘Repanse Disiplin Lekòl’
9è dimaten pou 5è nan aprèmidi
Yo ap difize li andirèk atravè www.WhiteHouse.gov/live

POUKISA:

Sipèentandan Carvalho prale nan Mezon Blanch antèt yon delegasyon Miami pou diskisyon règ nasyonal sou pratik disiplin ki gen objektif pou kreye anviwònman lekòl ki gen sekirite e ki sipòtif. Yo envite M-DCPS pou li ale nan konvansyon an akoz ensistans Distri a sou altènatif pou disiplin tradisyonèl e inisyativ pou evite sispansyon. Delegasyon Miami a pral rankontre avèk ofisyèl Mezon Blanch, Sekretè Edikasyon Etazini Arne Duncan e Minis Lajistis Etazini Loretta Lynch pami lòt moun.

Pami sijè diskisyon yo ap gen: altènatif pou mete elèv deyò lekòl, sipò elèv, devlopman pwofesyonèl, kòd sou konduit elèv, kolaborasyon ant ajans ak wòl aplikasyon lalwa.
 
Inisyativ Kle sou Disiplin Lekòl Distri a gen ladan:
• Kreye modèl edikasyonèl inovatif e yon pwogram sèvis elèv konpreyansif
ki vize valè debaz
• Eksplore patenarya kominotè ki vize ofri sèvis sipòtif nan kominote lekòl la
• Enplemante yon “District-Wide Equity Parity Plan” (Plan Egalite nan Konfòmite Atravè Distri a) ki genyen ladan li yon “District Data Tracking Dashboard” (Tablo pou Suiv Done Distri a) ki gen plizyè nivo




# # #

15-DGD/011/VL/RL 

 

 

Retounen sou Nòt pou Laprès