|
FLOT OTOBIS M-DCPS LA AP PREPARE POU ANE LEKÒL 2015-16 LA AVÈK EGZÈSIS PRATIK Nan yon egzèsis ki pase san pwoblèm tankou fason militè fonksyone, chofè otobis Lekòl Miami-Dade kondui flot otobis yo nan lari bonè maten an pou yon egzèsis pratik sou 952 wout yo pral opere atravè ane lekòl la pou transpòte prèske 60,000 elèv. Sipèentandan Lekòl yo Alberto M. Carvalho te nan “Southwest Transportation Garage” (Garaj Transpòtasyon Sidwès) pou rankontre chofè yo e diskite dènye inisyativ Distri a pou Transpòtasyon. Sa ki pi enteresan an se “WiFi-on-the-Go” (Koneksyon Sanfil - Mobil), ki ofri “hot spots” (sous koneksyon) mobil nan otobis lekòl Distri a posede pou elèv ka gen plis tan pou etidye oubyen fè rechèch pandan yo nan otobis yo. De (2) lòt inisyativ se “Flex Stops” (Estòp Fleksib), ki pral ofri plis pase 800 elèv aksè transpòtasyon pou pwogram Magnet yo nan uit lekòl atravè konte a; ak “GPS Bus Pilot” (Esè nan sistèm Pozisyònman Global Bis) – yon sistèm ki lokalize yon bis sou wout lekòl, ki pral bay paran ak elèv abilite pou lokalize bis sou wout yo plase yo a.
Sipèentandan Lekòl yo Alberto M. Carvalho ap demontre “Wi-Fi-on-the-Go” nan bis lekòl Distri a posede.
### 15-DGD/025/HD/RL
|