|

|
POU DIFIZE IMEDYATMAN
Samdi 29 out 2015 |
KONTAK: Carline Faustin
Miami-Dade County Public Schools
305-995-1188 |
LEKÒL LETA MIAMI-DADE AP OUVÈ LENDI
MIAMI - Tout Lekòl Leta Miami-Dade County, sant edikasyon adilt ak biwo yo ap ouvè kòm dabitid lendi 31 out 2015. Tout anplwaye ak elèv yo dwe ale nan lekòl ak pòs regilyè nan lè regilyè yo.
Nou ap avèti paran pou pèmèt plis tan pou elèv yo rive e soti lekòl e asire pitit ou mete rad apwopriye pou lapli. Paran kab kontakte direktè/tris pitit yo e anplwaye kab kontakte moun ki sipèvize yo dirèkteman an ak nenpòt kesyon.
Nou ap kontinye siveye sitiyasyon an. Pou enfòmasyon ajou vizite
storms.dadeschools.net, oubyen suiv nou sou Twitter (@mdcps) ak Facebook (www.facebook.com/miamischools).
###
16-DGD/034/JJS/CF
Retounen sou Nòt pou Laprès |