POU DIFIZE IMEDYATMAN
Vandredi 28 out 2015  

KONTAK: Carline Faustin
Miami-Dade County Public Schools
305-995-1188

 

SIPÈENTANDAN ALBERTO M. CARVALHO AP PRAN DESIZYON KI BAZE SOU ENFÒMASYON KONSÈNAN LEKÒL NAN WIKENN SA A

Sipèentandan Lekòl Miami-Dade Alberto M. Carvalho ap pran yon desizyon pandan wikenn sa a konsènan posiblite pou lekòl ta fèmen akoz Tanpèt Twopikal Erika.  Carvalho ap pran desizyon li an kolaborasyon avèk “Miami-Dade Office of Emergency Management” (Biwo Jesyon Ijans Miami-Dade), baze sou tout meyè enfòmasyon ki disponib.  

Carvalho di, “Sid Florid la kòmanse wikenn nan avèk posiblite pou yon tanpèt twopikal apwoche sou li, ak enkyetid paran e elèv ki ap ogmante…  Pou Lekòl Leta Miami-Dade County pwoteksyon ak sekirite elèv e anplwaye se pi gwo priyorite nou, e y ap toujou faktè ki pi enpòtan nan desizyon nou.”

Pami faktè ki pral enfliyanse posiblite pou lekòl fèmen, ap genyen efè tanpèt la ap fè sou flòt transpòtasyon Distri a (bis yo pa ka opere anba van ki ap kontinye soufle a 39 “MPH” (anviwon 62  kilomèt pa èdtan oubyen plis), posiblite pou gen inondasyon nan zòn ki ba yo, ak posiblite pou itilize lekòl yo kòm refij.  Nou ap kominike kèlkeswa enfòmasyon konsènan fèmti lekòl bay paran, elèv, anplwaye, ak kominote a, avèk ase tan, nan sèvi avèk divès fòm kominikasyon pou asire nou atenn tout moun ki konsène yo.   

Nan kòmansman mwa a Distri a te teste sistèm preparasyon pou ijans li a, nan nivo distri a e nan lekòl yo endividyèlman, e nou kontan pou n fè w konnen “Nou Pare”.  

Pou ka jwenn dènye enfòmasyon yo, vizite sit Entènèt distri a, www.dadeschools.net, oubyen suiv nou sou Twitter (@mdcps) e sou Facebook (www.facebook.com/miamischools).  

###

16-DGD/034/JJS/CM

 

Retounen sou Nòt pou Laprès