POU DIFIZE IMEDYATMAN
Madi 1ye septanm 2015   

KONTAK: Carline Faustin
Miami-Dade County Public Schools
305-995-1188

 

ENKYETID PÈSISTE KONSÈNAN EVALYASYON ESTANDA YO

Maten an, Depatman Edikasyon Florid adrese rezilta Etid Validite Evalyasyon Estanda Florid yo nan yon konferans telefonik avèk medya a.  Menmlè FLDOE prezante yon pwendvi optimis sou rezilta yo, anpil kesyon sou rezilta yo ap sikile, ki soulve dout sou efikasite itilizasyon nòt FSA yo pou kalkile nòt lèt lekòl ak evalyasyon pwofesè. Pou adrese kesyon sa yo, Sipèentandan Miami-Dade Alberto M. Carvalho te rankontre avèk reprezantan medya aprèmidi a pou ofri pèspektif adisyonèl sou etid validite a.  Pami pwen yo te diskite:

  • Plizyè atik etid la te revize pa t aliyen avèk Estanda Florid yo. Pa egzanp, yon tyè konplè atik yo nan evalyasyon Lekti/Redaksyon Anglè 3yèm Ane Eskolè pa t matche Estanda Florid yo. Annefè, evalyasyon aktyèl la te malerezman manke evalye Estanda Florid yo, anfèt li evalye estanda nan Utah, kote yo te kreye estanda yo. 
  • Chèchè yo rekòmande pou FLDOE siprime atik FSA yo te orijinalman devlope pou itilize nan Utah yo e ranplase yo avèk atik yo ekri pou espesifikman vize estanda Florid yo.
  • Rapò a konkli yo pa ta dwe itilize nòt egzamen kòm yon sèl detèminan nan desizyon ki regade elèv endividyèl, tankou prevansyon pou avansman nan pwochen ane eskolè, elijiblite pou gradyasyon, oubyen plasman nan yon kou ratrapaj.
  • Chèchè yo note kantite elèv yo pral pran desizyon kritik pou yo a pral bezwen fèt baze sou nòt FSA yo a siyifikatif.
  • Menmlè yo sanksyone itilizasyon nòt total gwoup yo, gen anpil ka ki kab egziste kote kesyon administrasyon egzamen an afekte gwo pousantaj elèv nan yon salklas oubyen yon lekòl an patikilye. Konsa, validite kèk rezilta yo totalize ka toujou an kesyon. 
  • Mete atik ki ranfòse avèk teknoloji, anvan konsiderasyon konplè kapasite òdinatè yo e entèraksyon elèv avèk fòma a, te prematire.
  • Validite etid, “Alpine/edCount” fè yo, te site difikilte nan sistèm nan pandan premye administrasyon nouvo evalyasyon an.  Rezime Egzekitif la di:

“Administrasyon FSA 2015 prentan an te gen pwoblèm. Yo te jwenn pwoblèm yo nan prèske chak aspè administrasyon an, soti nan fòmasyon inisyal la ak preparasyon an rive nan livrezon egzamen yo menm. Enfòmasyon ki soti nan men administratè distri yo endike kesyon grav nan sistèm nan ki afekte yon gwo kantite elèv, pandan enfòmasyon atravè eta a estime efè a ka pi prè 1 a 5% pou chak egzamen. Anplè presi pwoblèm yo difisil pou mezire avèk 100% egzaktitid, men ekip evalyasyon an ka rezonableman di administrasyon FSA prentan 2015 la pa t satisfè rigè nòmal ak estandadizasyon yo atann de yon pwogram evalyasyon repite tankou FSA a.”
 
Anpil konklizyon ka soti nan evidans ki prezante nan etid validite a:

•           Sepandan toujou gen dout sou nòt mwayèn toujou an dout nan klas, lekòl, e/oubyen Distri kote gwo kantite elèv te fè eksperyans difikilte teknik. 

•           Li enposib pou detèmine nan ki degre iregilarite administrasyon “Computer-Based Testing (CBT)” (Egzamen ki Baze sou Òdinatè) yo afekte elèv lekòl Miami-Dade yo.  

•           Nou konnen sepandan, yo te vize Miami-Dade dirèkteman pou “cyber-attack” (tantatif pou domaje oubyen detwi sistèm rezo òdinatè) yo site nan rapò a.

•           Daprè ensètitid sa yo, espesifikman pou lekòl nan M-DCPS yo, li ta iresponsab pou eta a itilize done FSA prentan 2015 yo pou pran gwo desizyon responsablite, tankou evalyasyon pwofesè oubyen nòt lekòl.

•           Plan aktyèl pou kalkil nòt lekòl yo mande pou yo itilize tout rezilta sa yo kòm nòt konpetans, san yo pa konsidere devlopman yon elèv endividyèl. Eleman pwogrè nan aprantisaj ki manke ane sa a, ki tradisyonèlman sèvi kòm pwen fò sistèm nòt Florid la, ka konpwomèt pi plis toujou validite nòt lèt yon lekòl.

 

###

16-DGD/039/JJS/RL

 

 

Retounen sou Nòt pou Laprès