|

|
POU DIFIZE IMEDYATMAN
Jedi 10 septanm 2015 |
KONTAK: Carline Faustin
Miami-Dade County Public Schools
305-995-1188 |
ATIS LOKAL NAN MIAMI PARE POU PREZANTE LEKÒL MWAYEN CAROL CITY YO FÈK ANBELI
Anpil atis lari popilè te reyini nan ete sa a pou desine miral gratis nan Vil Miami Gardens
Kisa timoun nou yo wè lè y ap mache pou yo ale lekòl? Kisa enspirasyon pou jèn nan Miami Gardens yo ye e kijan kominote nou an ka sipòte yo? Se kesyon sa yo volontè ak atis t ap chèche reponn pou yo reponn pandan y ap travay pou amelyore kanpous Lekòl Mwayen Carol City a. Pwojè a, yo te lanse nan kòmansman mwa jen an, yo ap devwale li lendi 14 septanm, a 10è dimaten. avèk plis pase 30 miral. Lekòl la lokalize nan 3737 N.W. 188 Street, Miami Gardens.
Pwojè anbelisman an te reyini 29 atis lari lokal ki te bay tan ak talan yo pou desine miral pou enspire fyète lakay elèv yo ak kominote a an jeneral. Hec One Love, yon atis pent abstrè travay eksepsyonèl li re-envante aksyon desine avèk yon estetik lari, te òganize pwojè a. Pami atis byen koni yo genyen Aquarela Sabol, Claudia La Bianca, Ivan Roque, Kraveart, “Registered Artist”, Santiago Rubino ak Wilson Art.
Direktris Lekòl Mwayen Carol City Sonia Romero di, “Elèv nou yo bezwen pou yo ekspoze yo nan ar ak pozitivite nan lavi yo. Anbelisman kanpous nou an ap kontinye devlope yon sans fyète nan lekòl yo a e sa ap ekspoze yo nan ar kòm yon fòm ekspresyon e yon fason de viv.”
Atis yo pentire antre prensipal lekòl la ak mi ki gen wotè 13x25 ki antoure lekòl la.
Gras ak pwomotè e donatè Lekòl Mwayen Carol City yo, lekòl la te kapab kouvri pifò depans ki asosye avèk pwosesis anbelisman an. Pami donatè yo genyen City Year Miami, St. Thomas University, Antioch Missionary Baptist Church, Miami-Dade College School of Science, Molina Health Care, ak Artist and Craftsman Supply Miami.
Pou yon lis konplè atis ak donatè e fason pou kontakte yo, lyen sit Entènèt ak Instagram, kontakte André Monteiro – regomonteiroa@yahoo.com – 305 570-8327.
###
15-DGD/043/HD/CM
Retounen sou Nòt pou Laprès |