POU DIFIZE IMEDYATMAN
16 septanm 2015      

KONTAK: Carline Faustin
305-995-1188

***NÒT POU LAPRÈS***

DISTRI A ANBAKE SOU KANPAY METE N OKOURAN PREZANS LEKÒL  

KIYÈS: 

Sipèentandan Lekòl yo Alberto M. Carvalho, manm Komisyon Konsèy Lekòl yo, Majistra Vil Miami Tomás Regalado, Prezidan ‘Council’ Vil Hialeah Isis Garcia-Martinez, Prezidan ‘Council’ PTAs/PTSAs Miami-Dade County Joseph Gebara, Prezidan ‘Urban League of Greater Miami’ T. Willard Fair, Prezidan /CEO Chanm Komès Gwo Vil Miami Barry Johnson, Direktris Atistik Balè Vil Miami Lourdes Lopez ak Direktè Egzekitif Michael Scolamiero, reprezantan ki soti nan Miami Marlins ak administratè e elèv M-DCPS

KISA:

Konferans laprès pou lanse InisyativiAttend” (mwen prezan) nan M-DCPS

KILÈ: 

Vandredi 18 septanm 2015
10è dimaten

KI KOTE: 

Jose de Diego Middle School
3100 N.W. 5th Avenue
Miami, FL  33127

POUKISA:

Nan nenpòt ki jou, 5.7 pousan elèv absan lekòl “Miami-Dade County Public Schools (M-DCPS)” (Lekòl Leta Miami-Dade County). Sa plis pase 20,000 timoun. Absans la afekte tout elèv negativman sanzega ane eskolè ak sijè. M-DCPS ap kòmanse Inisyativ iAttend M-DCPS pou enfòme paran ak elèv sou relasyon ki genyen ant prezans lekòl regilye ak siksè lekòl.
                       
Lòt òganizasyon Kominotè, ki gen ladan Miami HEAT ak Miami Dolphins, pran angajman tou nan mete ansanm ak M-DCPS pou inisyativ enpòtan sa a.

Suiv pwogrè nou sou medya sosyal nan #iAttendMDCPS.




# # #

15-DGD/046/DF/CF

 

Retounen sou Nòt pou Laprès