ELÈV MIAMI-DADE PRAL RESEVWA ENFÒMASYON KONSÈNAN JESYON LAJAN
NAN MEN MIZISYEN “ROCK”
KIYÈS:
“Miami-Dade County Public Schools (M-DCPS)” (Lekòl Leta Miami-Dade County) elèv lekòl mwayen e segondè
KISA:
Konsè gwoup mizikal “rock” GOODING, apre sa ap genyen mesaj gwoup la konsènan jesyon lajan.
KILÈ:
Jedi 24 septanm 9e dimaten ak 12:50 nan apremidi. Miami Beach Senior High
School 2231 Prairie Ave., Miami Beach
Vandredi 25 septanm 11:00 dimaten, Adrienne Arsht Center, Knight Concert Hall 1300 Biscayne Blvd., Miami
POUKISA:
Apre konsè a ap genyen mesaj gwoup la konsènan jesyon lajan, yo te aprann yon fason ki difisil—atravè pwop eksperyans yo.
Toune Enfòmasyon sou Jesyon Lajan GOODING nan itilize puisans pèfòmans an dirèk “rock” ak pwop istwa pèsonèl gwoup la pou enspire jèn moun avèk leson sou finans ak disiplin pou ede yo wè pwòp rèv ak posiblite yo.
Yo ofri konsè ak sesyon enfòmasyon sou jesyon lajan pou elèv yo gratis e moun ki patwone yo se Laura Steckler, Òganizatè evènman Finansye, avèk Gwoup Jesyon Riches Steckler avèk “Raymond James and Associates.” Finansman adisyonèl soti nan Fondasyon Berman.