POU DIFIZE IMEDYATMAN
Lendi 21 septanm 2015

KONTAK: Carline Faustin
Miami-Dade County Public Schools
305-995-1188

 

LEKÒL POU ETID AVANSE AP FÈ DE (2) SESYON ENFÒMASYON POU ELÈV 10YÈM ANE ESKOLÈ KI ENTERESE NAN ADMISYON POU KOLÈJ BONÈ, 26 SEPTANM 2015


“School for Advanced Studies (SAS)” (Lekòl pou Etid Avanse), yon lekòl segondè aplentan, lekòl segondè kolejyal, pral fè sesyon enfòmasyon/aplikasyon samdi 26 septanm pou ane lekòl 2016-2017 nan de (2) kanpous “Miami Dade College (MDC)” (Kolèj Kanpous Miami Dade):

Kendall Campus, 11011 SW 104 St. a 9è dimaten nan Building 7, Gymnasium; ak
Homestead Campus, 500 College Terrace, Homestead, a 1è nan aprè midi nan Room F222.

Nou envite tout elèv ki nan 10yèm ane eskolè kounye a, ki gen yon mwayèn jeneral total 3.0 pwen minimòm pou aplike, e yo ka vin elijib pou admisyon lè yo fin satisfè tout demand pwogram nan, ki gen ladan resevwa nòt minimòm nan egzamen SAS pou antre nan kolèj. Plas yo limite.  Si kantite aplikan elijib yo depase kantite plas ki disponib, yo pral itilize yon pwosesis seleksyon pa aza pou resevwa elèv ki elijib. 

Elèv ki prale nan SAS fini de (2) dènye ane lekòl segondè yo pandan yo prale nan MDC e, nan pifò ka, yo gradye anmenmtan ak toude, yon diplòm lekòl segondè e yon diplòm “Associate of Arts” (dezan kolèj) (98% nan Klas SAS MDC 2015 la). Elèv yo ap fè yon vrè eksperyans kolèj paske toude, kou anwolman doub kolèj yo ak kou “Advanced Placement (AP)” (Plasman Avanse) lekòl segondè yo ap fèt sou kanpous MDC a. Tout kou lekòl segondè yo nan nivo Plasman Avanse eksepte pou “pre-calculus” (Matematik Preparatwa Wo Nivo) ak rechèch. 

Elèv yo resevwa ekolaj gratis, frè, liv gratis, e si yo elijib, transpòtasyon nan otobis lekòl ak tren “Metrorail” Lekòl Leta Miami-Dade County finanse.

SAS lokalize nan kat kanpous MDC:  Homestead, Kendall, North ak Wolfson.  Yo fèk deziyen SAS kòm “Lekòl Segondè Kolejyal” pou Miami-Dade County.

Pou plis enfòmasyon, rele 305-237-0510 oubyen vizite sit Entènèt SAS la nan: sas.dadeschools.net.

 

###

15-DGD/053HD/SD

 

 

Retounen sou Nòt pou Laprès