|
SEKRETÈ EDIKASYON DUNCAN NONMEN CARVALHO NAN KOMISYON SANTRAL EVALYASYON NASYONAL LA MIAMI - Sekretè Edikasyon Etazini Arne Duncan anonse resamman li nonmen Sipèentandan “Miami-Dade County Public Schools (M-DCPS)” (Lekòl Leta Miami-Dade County) Alberto M. Carvalho pou l sèvi yon tèm katran nan Komisyon Santral Evalyasyon Nasyonal la. Carvalho pral nan kategori “sipèentandan lekòl lokal” la. Carvalho pral travay avèk yon gwoup gouvènè, lejislatè eta, ofisyèl lekòl, edikatè, chèchè, reprezantan biznis, ak manm piblik jeneral la pou ede etabli règ pou “National Assessment Progress (NAEP)” (Evalyasyon Nasyonal pou Pwogrè Edikasyonèl), yo konnen kòm Kanè Nasyon an. NAEP se pi gwo evalyasyon ki reprezante nasyonalman nan peyi a, ki mezire akonplisman elèv nan divès sijè, ki gen ladan matematik, lekti, redaksyon ak syans. Carvalho di, ‘Nominasyon mwen nan Komisyon Santral Evalyasyon Nasyonal la se yon onè… Komisyon an jwe yon wòl Santral nan egzamine pwogrè edikasyon e efè li sou pèfòmans elèv. Mwen pa ka tann pou m kontribye nan dyalòg nasyonal sou refòm edikasyon an ki gen rapò avèk evalyasyon elèv, kourikoulòm ak enstriksyon.” Carvalho ap antre nan Komisyon an pandan l ap kontwole plizyè gwo devlopman. Yo gen ladan premye evalyasyon nan listwa sou Teknoloji ak Konesans sou Jeni, avèk rezilta yo pral pibliye nan prentan 2016; yon desizyon pou itilize evalyasyon ki baze sou òdinatè; ak yon plan konpreyansif pou elaji efò èd sosyal e patenarya pou pi byen enfòme piblik atravè peyi a konsènan resous ak done NAEP. Komisyon Santral 26 manm nan kontwole NAEP, ki mete enfòmasyon objektif sou evalyasyon elèv disponib pou moun ki ap fè lwa yo ak piblik la, nan nivo eta e lokal. Komisyon an jwe tou yon wòl enpòtan nan evalye kondisyon ak pwogrè edikasyon Ozetazini depi 1969. ### 15-DGD/060/TTR/CM Lyen pou jwenn Nòt pou Laprès Depatman Edikasyon Etazini an: http://www.ed.gov/news/press-releases/us-education-secretary-arne-duncan-names-seven-leaders-national-assessment-governing-board
|