POU DIFIZE IMEDYATMAN
Madi 6 oktòb 2015     

KONTAK: Carline Faustin
305-995-1188

***NÒT POU LAPRÈS***

ANSYEN ELÈV M-DCPS KI SOTI NAN AKADEMI NAVAL ETAZINI PRAL PALE AVÈK ELÈV STEM

KIYÈS: 

Kat Ofisye Akademi Naval Etazini: Mydelyn Rojas, Steven Pique, Daniel Seckinger ak Austin Sanabria; elèv ak anplwaye “Career & Technical Education (CTE)” (Edikasyon Karyè ak Teknik) ki soti nan lekòl ki nan lis anba a:

KISA:
Ansyen elèv M-DCPS ap prezante karyè ki gen rapò ak STEM
KILÈ: 

Vandredi 9 oktòb 2015

KI KOTE: 

8è dimaten - 4è nan aprèmidi - Daniel Seckinger - Coral Reef Sr. High - 10101 S.W. 152 St. Miami 33157

8è dimaten - 4è nan aprèmidi - Austin Sanabria - Hialeah Gardens Sr. High - 11700 Hialeah Gardens Blvd., Hialeah Gardens 33018

8-11è dimaten - Mydelyn Rojas - iTech @ Thomas Edison Ed. Center - 6101 N.W. 2nd Ave., Miami, FL 33127
Midi - 4è nan aprèmidi – Mydelyn Rojas - Booker T. Washington Sr. High - 1200 N.W. 6th Ave., Miami 33136

8-11è dimaten - Steven Pique - TERRA Environmental Research Institute- 11005 S.W. 84 St., Miami 33173
Midi - 4è nan aprèmidi - Steven Pique - Miami Sunset Sr. High - 13125 S.W. 72nd St., Miami 33183

POUKISA:

Kat ofisye Akademi Naval Etazini yo se gradye Lekòl Leta Miami-Dade County. Yo pwograme pou pale avèk elèv Edikasyon Teknik nan sis lekòl segondè pou ankouraje anwolman nan kou ki gen rapò ak STEM.

Elèv yo, ki ap etidye sijè ki gen rapò ak STEM nan domèn Jeni, Syans Òdinatè, Chimi, ak Fizik pral kouvri aspè teknik diferan karyè ki gen rapò ak STEM, ak enpòtans pou vin gen konesans nan syans ak matematik, ansanm ak konprann ladrès teknik ki nesesè pou djòb STEM ki trè demande, e ki peye gwo salè.  Sit Entènèt Akademi Naval Etazini se: http://www.usna.edu



# # #

15-DGD/067/HD/RL

 

 

Retounen sou Nòt pou Laprès