|

|
POU DIFIZE IMEDYATMAN
Lendi 12 oktòb 2015 |
KONTAK: Carline Faustin
305-995-1188 |
***NÒT POU LAPRÈS***
M-DCPS KONTINYE FÈMEN SEPARASYON DIJITAL LA AVÈK
pwogram DISTRIBISYON ÒdinatÈ PÒTAB “CONNECT@HOME”
|
Sipèentandan Carvalho, Reprezantan “Sprint”, administratè M-DCPS, anplwaye lekòl, elèv, paran ak sitwayen ki enterese |
|
Distribisyon/Fòmasyon Paran sou Òdinatè Pòtab Pwojè “CONNECT@HOME” (Koneksyon Lakay) |
KILÈ: |
Madi 13 oktòb 2015 a 9è dimaten
|
KI KOTE: |
Golden Glades Elementary School
16520 N.W. 28th Avenue
Miami Gardens, FL 33054
|
POUKISA: |
Ane dènyè, “Miami-Dade County Public Schools (M-DCPS)” (Lekòl Leta Miami-Dade County) te lanse yon inisyativ pou elimine separasyon dijital nan 10 lekòl frajil. Ane sa a, elèv nou chwazi nan 18 lekòl elemantè nou vize pral resevwa yon aparèy òdinatè ak kat ane aksè Entènèt gratis Sprint ofri pou itilize lakay yo kòm yon pati nan pwojè CONNECT@HOME. Elèv yo pral itilize aparèy la pou pratike ladrès lekti ak matematik lakay atravè “myON Readers” ak “Reflex Math,” ansanm ak lòt pwogram edikasyonèl ki aksesib atravè pòtal elèv la.
Atravè kat pwochen ane yo, Sprint pral ofri konektivite Entènèt gwo vitès gratis bay elèv nan distri lekòl Miami-Dade, nan envesti $100 milyon nasyonalman, kòm yon pati nan inisyativ “ConnectED” Mezon Blanch la. Sèvis Entènèt LTE gwo vitès la pral ede elèv rete konekte lakay atravè yon zòn “Wi-Fi” (konekyon sanfil).
|
| VIZYÈL: |
-Fòmasyon paran
-Siyati akò sou òdinatè pòtab elèv
-Sesyon Kesyon ak Respons
-Distribisyon òdinatè pòtab
-Disponiblite sipèentandan an
-Disponiblite direktè a
-Disponiblite paran yo
-Disponiblite elèv yo
-Disponiblite reprezantan Sprint la |
# # #
15-DGD/068/DF/RL
Retounen sou Nòt pou Laprès |