|
M-DCPS AP FÈ PATENARYA AVÈK BIWO AVOKA ETAZINI POU PILOTE PWOGRAM LIDÈ ANBASADÈ POU LAPÈ Lekòl Leta Miami-Dade County anonse maten an patisipasyon li avèk “Violence Reduction Partnership (VRP)” (Patenarya pou Rediksyon Vyolans) Biwo Avoka Etazini nan pilote yon “Peace Ambassadors Leadership Program (PALP)” (Pwogram Lidè Anbasadè pou Lapè). VRP sipòte efò nan Sid Florid la pou redui vyolans nan kominote yo atravè efò kolaboratif avèk òganizasyon piblik ak prive nan enplemantasyon plizyè inisyativ prevansyon. Atravè pwogram pilòt sa a, yo pral bay 10 elèv 11yèm ane eskolè lekòl segondè nan chak 13 lekòl segondè yo chwazi yo fòmasyon kòm “Anbasadè pou Lapè” pou yo rankontre chak mwa e fè aktivite ki adrese pwoblèm sosyal ak sivik ki afekte kominote yo. Inisyativ sa a responsabilize elèv yo pou vin tounen “ajan chanjman” nan fanmi, lekòl, ak kominote yo pou konsantre sou aktivite ki angaje nan devlope bon karaktè ak responsablite sivik.
### 15-DGD/69/TC/SD
|