|
YO SELEBRE CHÈMANN KOMISYON KONSÈY LEKÒL LA POU TRAVAY ENPÒTAN LI NAN EDIKASYON APRANN LI AK EKRI NAN DE (2) LANG Fondasyon Jose Marti ak Komite Edikasyon Ispanik te onore Chèmann Komisyon Konsèy Lekòl Perla Tabares Hantman nan Repa Midi Prim Lidè Bileng Florid ki te fèt resamman. Yo te rekonèt Madan Hantman avèk “Seal of Biliteracy Leadership Award” (Prim Lidè So pou Aprann Li ak Ekri nan De (2) Lang) pou kapasite ekselan li nan dirije, nan ranfòse e ofri sipò pou ladrès bileng ak ladrès aprann li ak ekri nan de (2) lang pami elèv, anplwaye e kominote a. Chèmann Komisyon Konsèy Lekòl Hantman di, “Se yon onè pou mwen e mwen bese m byen ba pou resevwa rekonesans sa a… Mwen kwè gwo travay Komisyon Konsèy Lekòl sa a fè pou l ofri pwogram aprann li ak ekri nan de (2) lang pral anrichi lavi elèv nou yo ak fanmi yo e prepare yo pou mache global jodi a.” Komisyon Konsèy Lekòl la te resamman apwouve Inisyativ “Seal of Biliteracy” (So pou Aprann Li ak Ekri nan De (2) Lang) nan ki rekonèt gradye nan lekòl segondè ki atenn yon wo nivo konpetans nan tande, pale, li, ak ekri nan youn oubyen plis lang anplis Anglè. Bi “Seal of Biliteracy” a se pou ankouraje elèv etidye lang, sètifye aprann li ak ekri nan de (2) lang, ofri anplwayè yon metòd pou idantifye yon moun ki gen ladrès aprann li ak ekri nan de (2) lang, e pwomote enstriksyon lang mondyal nan lekòl leta yo. Ane dènyè, apwoksimativman 132,000 elèv nan Lekòl Leta Miami-Dade County te patisipe nan yon pwogram lang etranje ki pwomote edikasyon bileng ak edikasyon aprann li ak ekri nan (2) lang. Distri a ofri plis pase 30 pwogram lang espesyalize, ki gen ladan pwogram Lang Etranje Pwolonje, Bileng ak Etid Entènasyonal ki pwomote edikasyon bileng, amelyore konpreyansyon e devlopman sosyal, konpetisyon nan yon mache global ak konpreyansyon divès pèp ak kilti.
### 15-DGD/070/DF/RL
|