POU DIFIZE IMEDYATMAN
Lendi 12 oktòb 2015

KONTAK: Carline Faustin
Miami-Dade County Public Schools
305-995-1188

 

YO REKONÈT M-DCPS PANDAN DEZAN YOUN APRE LÒT PASKE L GENYEN MEYÈ AKADEMI KARYÈ

“Academy of Hospitality & Tourism (AOHT)” (Akademi Ospitalite ak Touris) nan Lekòl Segondè Alonzo & Tracy Mourning resevwa Prim Akademi Ekselans Stanford I. Weill nan men NAF nan konferans anyèl li nan Anaheim, Calif., nan ete ki sot pase a.

Prim nan, ki pote non bankye distenge, finansye e fondatè NAF Sanford I. Weill, se yon prim nasyonal yo prezante bay akademi ki demontre pi gwo estanda patenarya piblik-prive pou benefis elèv yo.

AOHT nan Lekòl Segondè Mourning, youn nan 15 akademi nan Konte Miami-Dade, se yon Akademi Distenge nan NAF depi dezan e ane pase li te youn nan twa finalis pou prim sa a anpil moun dezire.  Akademi an te genyen tou yon pwojè echanj avèk elèv ki soti nan peyi Larisi, ki resevwa finansman nan Depatman Deta e Anbasad Etazini nan Moskou administre.  Pwogram Dyalòg Etazini/Larisi Kamarad-A-Kamarad ankouraje kontak pèsonèl ant de peyi yo pandan  vizit echanj yo.  Premye Akademi AOHT a te ouvri nan Miami Springs an 1987.
   
Pou plis enfòmasyon konsènan NAF, ale sou http://naf.org.  Pou plis enfòmasyon, silvouplè kontakte CTE nan 305-693-3030 oubyen ale sou: http://dcte.dadeschools.net.
Ou dwe ekri nimewo kont la sou chek la pou w ka asire w yo aplike peman an sou kont sa a an patikilye

 

###

15-DGD/071/HD/CM

 

 

Retounen sou Nòt pou Laprès