|
M-DCPS DISTRIBYE ÒDINATÈ PÒTAB ATRAVÈ “Miami-Dade County Public Schools (M-DCPS)” (Lekòl Leta Miami-Dade County) distribye nouvo òdinatè pòtab jodi a nan Lekòl Elemantè Golden Glades nan Miami Gardens. Plis pase 2,000 elèv yo chwazi nan 18 lekòl elemantè yo vize atravè distri a pral resevwa aparèy òdinatè e yo ap gen aksè sou Entènèt gratis pou kat ane Sprint bay pou itilize lakay yo kòm yon pati nan pwojè “CONNECT@HOME” (Koneksyon Lakay) la. Elèv yo pral itilize aparèy yo pou pratike ladrès lekti ak matematik lakay atravè “myON Readers” ak “Reflex Math,” ansanm ak lòt pwogram edikasyonèl ki aksesib atravè pòtal elèv la. Atravè kat pwochen ane yo, Sprint pral ofri konektivite Entènèt gwo vitès gratis bay elèv nan distri lekòl Miami-Dade la, nan envesti $100 milyon nasyonalman, kòm yon pati nan inisyativ “ConnectED” Mezon Blanch la. Sèvis Entènèt LTE gwo vitès la pral ede elèv rete konekte lakay atravè yon zòn “Wi-Fi” (konekyon sanfil) ki pral pèmèt yo kontinye aprann andeyò salklas la. Aparèy yo pral pèmèt tout fanmi an tou gen aksè a teknoloji e resous sou Entènèt.
Paran ak elèv nan Lekòl Elemantè Golden Glades resevwa yon leson patikilye sou nouvo òdinatè pòtab yo kòm pati pwogram Òdinatè Pòtab Pwojè M-DCPS CONNECT@HOME la.
Paran ak elèv nan Lekòl Elemantè Golden Glades resevwa nouvo òdinatè pòtab ak sèvis Entènèt gratis atravè Sprint kòm yon pati nan pwogram Òdinatè Pòtab Pwojè M-DCPS CONNECT@HOME la. ### 15-DGD/073/DF/RL
|