POU DIFIZE IMEDYATMAN
Madi 20 oktòb 2015   

KONTAK: Carline Faustin
305-995-1188

***NÒT POU LAPRÈS***

EVÈNMAN KOUPE RIBAN GOB NAN
LEKÒL ELEMANTÈ VAN E. BLANTON

KIYÈS: 

Sipèentandan Lekòl yo Alberto M. Carvalho, Manm Komisyon Konsèy  Lekòl, lidè kominotè, administratè Distri ak lekòl, pwofesè, elèv ak paran nan Lekòl Elemantè Van E. Blanton

KISA:
Seremoni Koupe Riban pou Lekòl Elemantè Van E. Blanton yo fèk renove ak Evènman Bon Obligasyon Jeneral  
KILÈ: 

Jedi 22 oktòb 2015
9è dimaten

KI KOTE: 

Van E. Blanton Elementary School
10327 N.W. 11th Avenue
Miami, Florida 33150

POUKISA:

Lekòl Leta Miami-Dade County ap fè evènman espesyal atravè distri lekòl la pou selebre pwojè lekòl bon ki fini yo, ki se rezilta gran kantite votè ki te apwouve Bon Obligasyon Jeneral $1.2 milya a. Bon an ap sèvi pou  modènize e konstwi bilding lekòl atravè distri a, ogmante kapasite elèv, amelyore sekirite andwa lekòl yo, e ofri teknoloji ajou nan tout lekòl.
                       
Renovasyon, ki te fini alè, gen ladan ranplase aparèy klimatizè nan salklas yo e mete dènye modèl klimatizè nan zòn nou chwazi, sèvis elektrisite, sistèm sirèn pou dife ansanm ak enstale yon nouvo sistèm alam sekirite; renove salklas nan Bilding 2; pentire enteryè lekòl la; enstale nouvo teren jwèt ak teknoloji nan salklas, e retire sal pòtab yo.  Valè pwojè a te totalize $2.2 milyon.

# # #

15-DGD/074/DF/CF

 

 

Retounen sou Nòt pou Laprès