|
Sipèentandan Lekòl yo Alberto M. Carvalho, manm Komisyon Konsèy Lekòl, lidè kominotè, administratè Distri ak lekòl, pwofesè, elèv ak paran Lekòl Elemantè Dr. Robert B. Ingram |
POUKISA: |
Lekòl Leta Miami-Dade County ap fè plizyè evènman espesyal atravè distri lekòl la pou selebre finisman pwojè bon nan lekòl yo, ki soti nan Bon Obligasyon Jeneral $1.2 milya votè yo te apwouve an gran majorite a. Yo ap sèvi ak bon an pou modènize e konstwi bilding lekòl atravè distri a, ogmante kapasite elèv, amelyore sekirite nan etablisman yo, e mete teknoloji ajou nan tout lekòl yo.
Renovasyon yo, ki fini alè e anndan bidjè a, gen ladan enstalasyon nouvo fenèt ak teknoloji nan salklas; reparasyon kèk eleman nan sistèm klimatizasyon an, renovasyon twalèt; ranplasman planche nan sant medya a; demoli e repave kote pou depoze elèv; korije pwoblèm inondasyon an e enstale yon nouvo teren jwèt. Valè total pwojè a se $1.7 milyon.
|