POU DIFIZE IMEDYATMAN
Lendi 26 oktòb 2015    

KONTAK: Carline Faustin
305-995-1188

***NÒT POU LAPRÈS***

DEJENE POU LANSE ‘DIREKTÈ(TRIS) JODI A’ AP FÈT 10 NOVANM

KIYÈS: 

385 Lidè biznis ak kominotè Miami-Dade

KISA:
Dejene pou Lanse Direktè(tris) JODI A
KILÈ: 

Madi 10 Novanm 2015

KI KOTE: 

Jungle Island-Treetop Ballroom
1111 Parrot Jungle Trail
Miami, Florida 33132

POUKISA:

Direktè(tris) JODI A kontinye tradisyon anyèl Lekòl Leta Miami-Dade County pou li angaje lidè biznis/kominotè pou sèvi kòm direktè(tris) Lekòl.
Dejene a ki fèt pou devlope patenarya biznis/lekòl ki benefisye elèv nou yo, ofri direktè(tris) ak lidè biznis opòtinite pou prepare pou jounen sèvis yo jedi 19 novanm 2015. 
                       
Evènman an fèt an patenarya avèk Bank of America ak lòt patwonè. Houghton Mifflin Harcourt ak United Way, e avèk sipò The Greater Miami Chamber of Commerce, ak The Coalition of Miami-Dade County Chambers.
                       
Pou plis enfòmasyon vizite www.engagemiamidade.net

KONTAK: Carmen Perez-Salman, Biwo Angajmam Kominotè nan 305-995-3050 oubyen csalman@dadeschools.net.

# # #

 15-DGD/078/GC/CF

 

Retounen sou Nòt pou Laprès