POU DIFIZE IMEDYATMAN
Lendi 26 oktòb 2015  

KONTAK: Carline Faustin
305-995-1188

***NÒT POU LAPRÈS***

M-DCPS AP PREZANTE TOU BIS EDIKASYONÈL JOHN LENNON AKFOWÒM KOMINOTÈ FONDASYON NANM POU SIPÒTE MIZIK

KIYÈS: 

Administratè, elèv M-DCPS, lidè kominotè ak sitwayen ki enterese       

KISA:
Premye Jou: “John Lennon Educational Tour Bus” (Tou Bis Edikasyonèl John Lennon), sis elèv mizik nan Lekòl Segondè John A. Ferguson pral travay avèk endistri pwofesyonèl mizik nan Bis Lennon nan, yon estidyo anrejistrasyon mobil dènye kri pou ekri e anrejistre yon chante orijinal e filme yon videyo mizik.

Dezyèm Jou: “The NAMM Foundation hosts LIVE webcast SupportMusic Community Forum” (Fondasyon Namm nan ap prezante sou Entènèt Andirèk Fowòm Kominotè ‘Sipòte Mizik’). Pèfòmans elèv, don sipriz, ak diskisyon panèl lidè kominotè lokal e nasyonal nan ar ak defansè ki ap atikile objektif pou sipòte edikasyon mizik nan kominote a. Travay an patenarya avèk “The Mr. Holland’s Opus Foundation (MHOF)” (Fondasyon Opus Mesye Holland la), StubHub pral bay prèske 100 elèv ak anplwaye ki prezan, ki gen ladan gwoup mizik ak koral lekòl la, ki ap la pou pèfòme. Nan kòmansman ane a, StubHub te anonse angajman li pou mete $1 milyon nan enstriman mizikal nan pwogram mizik edikasyonèl nan lekòl leta ki nan risk kòm pati pwogram “Next Stage Social Good” (Pwochen Etap pou Byennèt Sosyal) ki sousye pou sipòte jèn nan edikasyon mizik.  An patenarya avèk atis ak etikèt, StubHub pral idantifye jiska 30 lekòl pou plis pase dis mache komès fè donasyon avèk sipò pou benefisye patnè MHOF pandan ane 2015 la.

KILÈ: 

John Lennon Educational Tour Bus
28-29 oktòb 2015
10è dimaten – Yo ap Disponib pou Medya
                       
The NAMM Foundation SupportMusic Community Forum
29 oktòb 2015
10è – 11è dimaten

KI KOTE: 

School Board Administration Building, Auditorium
1450 N.E. 2nd Avenue
Miami, FL 33132

POUKISA:
Fondasyon Namm nan nonmenMiami-Dade County Public Schools (M-DCPS)” (Lekòl Leta Miami-Dade County) kòm youn nan gayan 2015 “Best Communities for Music Education” (Pi Bon Kominote pou Edikasyon Mizik). Fondasyon NAMM ak Tou Bis Edikasyonèl John Lennon nan ap envite distri ki jwenn Meyè Kominote Edikasyon Mizik yo ak lekòl ki jween Prim ‘Merit’ Sipò Edikasyon Mizik pou soumèt yon videyo elèv fè/pwofesè edite ki repon kesyon, “What Makes Music Education Great in Your SchooL?” (Kisa ki Fè Edikasyon Mizik Ekselan nan Lekòl Ou a?) Yo prezante M-DCPS de (2) donasyon sipriz pandan fowòm nan, ki gen ladan enstriman mizikal ak ekipman ki vo $3,500.

M-DCPS se youn nan sis gayan yo chwazi pou prezante yon rezidans de (2) jou avèk Fondasyon NAMM ak Tou Bis Edikasyonèl John Lennon an se yon andwa mobil pou anrejistreman ak pwodiksyon odyo ak videyo ‘HD” dènye kri ki pa la pou pwofi 501(c)(3). Fowòm Kominotè Sipò Mizik ap sou Entènèt andirèk nan yon rezo nasyonal defansè mizik pou edikasyon sou lennonbus.org/live e li ap filme e re-difize li sou NAMMFOUNDATION.ORG

Enfòmasyon Sou:
NAMM Foundation
Fondasyon NAMM se yon òganizasyon ki pa la pou pwofi ki resevwa sipò an pati nan men “National Association of Music Merchants” (Asosyasyon Nasyonal Komèsan Mizik) ak 9000 manm li atravè lemond. Fondasyon NAMM an travay pou avanse patisipasyon aktif nan fè mizik atravè tout vi yon moun nan sipòte pwogram rechèch syantifik, bay nan fòm filantwopi ak sèvis piblik.  Pou plis enfòmasyon sou The NAMM Foundation, silvouplè vizite www.nammfoundation.org, Facebook, Twitter ak YouTube.

The John Lennon Educational Tour Bus 
The John Lennon Educational Tour Bus vin posib gras a Yoko Ono Lennon ak lòt patwonè e kontribitè: Canon U.S.A., Inc., Apple, NAMM, Montblanc, Adobe, Other World Computing, Juniper Networks, Securematics, Yamaha, Neutrik, Gibson Guitars, Epiphone, Avid, Audio-Technica, Digital Media Academy, SESAC, Genelec, SSL, NewTek, Thomann, TodoCast, IP Access, ZVEX Effects, Reflecmedia, Baker & McKenzie, JamHub, Sonicbids, Litepanels, Clear-Com, Anton/Bauer, AJA, DJI Innovations, Copperpeace, Applied Acoustics Systems, Mobile Roadie, McDSP, Native Instruments, IK Multimedia, Noise Industries, JDI, iZotope, Mad Mimi, Ableton, Ampeg, Mackie, Guitar Player, Bass Player, Electronic Musician, Keyboard Magazine, Digital Rapids, SKB, Sonnet Technologies ak LiveU.

STUBHUB
Nan StubHub, misyon nou senp: ede fanatik yo jwenn amizman. Nou konekte fanatik ak ekip, spektak, e atis yo prefere, e entwodui bay atis yo pral renmen aprè. Kòm youn nan pi gwo komèsan tikè, nou kapab fè fanatik yo achte e vann dizèn ak milye tikè, nenpòt lè yo vle, atravè eksperyans konpitè “desktop” e mobil nou, ki gen ladan StubHub nou an e ‘StubHud Music apps’ pou iPhone, ipad. Apple Watch ak Android.  Nan ofri fanatik yo eksperyans siperyè nan baz li, StubHub te re-envante mache revann tikè a nan ane 2000 la e kontinye ap gide li atravè inovasyon.  Endistri nou an se premye ki gen ladan entwodiksyon premye aplikasyon vant tikè, premye sit zouti ‘mapping’ entèraktif e premye pwogram festivite andirèk satisfezan,.”Fan RewardsTM.” Biznis nou an fè patnè ak plis pase 60 ekip MLB, NBA, NHL, MLS ak NCAA, plis  ESPN, NBC Dijital, AEG ak Spectra Ticketing & Fan Engagement. Atravè North America, United Kingdom ak Germany, StubHub ofri total eksperyans evènman depi nan kòmansman pou rive nan fen an.  StubHub se yon konpayi eBay (NASDAQ: EBAY).  Pou plis enfòmasyon sou StubHub, vizite StubHub.com oubyen suiv nan @StubHub sou Twitter, Facebook ak Instagram oubyen YouTube.com/StubHub.

THE MR. HOLLAND’S OPUS FOUNDATION:
Fondasyon Opus Mesye Holland's an te vin enspire ak film fame Opus Mesye Holland, pwofondi efè istwa ki dedye a yon pwofesè mizik gen sou plizyè jenerasyon elèv. Konpozitè film nan Michael Kamen, te kòmanse fondasyon an, an 1996 la, nan angajman li pou avni edikasyon mizik. Fondasyon an fè donasyon enstriman mizikal bay lekòl ki pa resevwa ase finans nan yon efò pou bay elèv yo plizyè benefis edikasyon mizik, ede yo jwenn plis siksè lekòl e enspire kreyativite ak ekspresyon yo atravè jwe mizik.   Santèn milyòn elèv atravè peyi a benefisye nan plizyè milye enstriman yo te bay 1,352 pwogram mizik lekòl yo. Silvouplè vizite mhopus.org pou enfòmasyon.

# # #

15-DGD/079/DF/CF

 

Retounen sou Nòt pou Laprès