POU DIFIZE IMEDYATMAN
Jedi 22 oktòb 2015  

KONTAK: Carline Faustin
Miami-Dade County Public Schools
305-995-1188

 

M-DCPS OGMANTE NÒT KANTITE KI PASE EGZAMEN “AP” MENMJAN AK ENSKRIPSYON

Rezilta yo antre e pou yon 5yèm fwa suivi “ Miami-Dade County Public Schools (M-DCPS)” (Lekòl Leta Miami-Dade County) kontinye ap ogmante kantite ki pase “Advanced Placement” (Plasman Avanse), pandan tou enskripsyon nan klas AP yo ap ogmante.  Plis pase 26,000 elèv M-DCPS te patisipe nan egzamen AP an me 2015 la ki montre yon nòt pase nan nivo angwo 48.6 pousan avèk yon ogmantasyon 2.6 pousan sou sa ane pase a.

Atravè Pwogram AP a, elèv gen opòtinite pou enskri nan kou etid avanse e resevwa kredi kolèj ak/oubyen kredi AP pandan yo ofri yo nan lekòl segondè. Pran klas AP ki bay kredi kolèj kab ede diminye frè kolèj, kote elèv ak fanmi kab ekonomize milye de dola pou frè kolèj. M-DCPS ofri 35 kou AP ki gen ladan ar, gouvèman, istwa, lang, literati, matematik, mizik ak syans.

Nòt nan egzamen AP plase nan kategori kòmanse 5 rive 1 e yo entèprete yo konsa: 5 – Ekstrèmeman Kalifye; 4 – Trè Kalifye; 3 – Kalifye; 2 – Posiblite Kalifye; e 1 – Pa Fè Rekòmandasyon.

Rezilta adisyonèl pou souliyen nan M-DCPS gen ladan:

•     Kantite total kou AP yo ofri nan M-DCPS ogmante 34 pousan nan espas 7 ane Kòmanse 838 an 2008 rive 1,125 an 2015.

•    Kounye a dokiman enskripsyon AP Miami-Dade montre yon ogmantasyon 65
      pousan kòmanse 17,049 an 2008 rive 28,136 an 2015.

 •     Kantite total egzamen AP yo pran ogmante a 58 pousan kòmanse 30,434 an     
        me 2008 rive 48,068 an me 2015.

•  Kantite total nòt 3, 4, e 5 (tout ki pran egzamen an) ogmante a 84 pousan
      kòmanse 12,118 an me 2008 rive 22,341 an 2015.

•    Pandan patisipasyon ogmante pèfòmans elèv M-DCPS nan egzamen AP ogmante tou.  An 2008, 40 pousan elèv fè nòt 3 oubyen pi wo nan egzamen AP e an 2015, 48.6 pousan, elèv fè nòt 3 oubyen pi wo, yon ogmantasyon prèske pousantaj nèf pwen.

•    Pami sou gwoup Espayòl la, Pousantaj elèv ki fè nòt 3 oubyen pi wo ogmante depase pousantaj nèf pwen, rive 50.1 pousan an 2015. Pami sou gwoup Afriken-Ameriken, pousantaj elèv ki fè nòt 3 oubyen pi wo ogmante depase pousantaj 11 pwen, kòmanse 18 pousan an 2008 rive 29.2 pousan an 2015.

• Rapò “AP College Board” 2015 Peyi a endike:
   
o     Miami-Dade  te PREMYE nanpeyi a nan kantite elèv Ispanik endividyèl ki fè nòt 3+ nan egzamen AP (9,206), e PREMYE  nan peyi a kantite elèv Ispaynik ki fè nòt 3+ nan  egzamen AP (13,678); e

o     Miami-Dade klase nan sizyèm nan peyi a e (2yèm nan Florid) nan kantite elèv Afriken-Ameriken endividyèl ki fè nòt 3+ nan egzamen  AP (762), e sizyèm nan peyi a nan kantite elèv Afriken-Ameriken. ki fè nòt 3+ egzamen AP (1,104)

  • An 2014 College Board te rekonèt M-DCPS kòm meyè Distri AP pou ane a akoz li Agrandi Opòtinite e Amelyore Pèfòmans elèv AP.
Pou enfòmasyon adisyonèl e pou rezilta Egzamen AP nan lekòl yo, Silvouplè vizite paj Entènèt pou Evalyasyon, Rechèch, ak Analiz Done nan http://oada.dadeschools.net/.

 

###

15-DGD/082/TC/CF

 

 

Retounen sou Nòt pou Laprès