POU DIFIZE IMEDYATMAN
Mèkredi 21 oktòb 2015

KONTAK: Carline Faustin
Miami-Dade County Public Schools
305-995-1188

 

M-DCPS PREZANTE EVÈNMAN KOUPE RIBAN PWOJÈ BON
NAN LEKÒL ELEMANTÈ DR. ROBERT B. INGRAM

Sipèentandan Lekòl yo Alberto M. Carvalho, Manm Komisyon Konsèy Lekòl Dtè. Wilbert “Tee” Holloway, anplwaye, elèv ak lidè kominotè te rasanble nan Lekòl Elemantè Dr. Robert B. Ingram jodi a pou yon evènman koupe riban pou pwojè $1.2 milya “General Obligation Bond” (Bon Obligasyon Jeneral) ki se rezilta yon gran majorite votè te apwouve.  Pwojè renovasyon Lekòl Elemantè. Dr. Ingram nan gen ladan renovasyon e mete ajou teknoloji yo. Total valè pwojè a te $1.7 milyon.

Pou w konn plis sou pwogrè pwojè referandòm Komisyon Konsèy Lekòl la, vizite bondsforschools.dadeschools.net.

Sipèentandan Alberto M. Carvalho ak Manm Komisyon Konsèy Lekòl Dtè. Wilbert “Tee” Holloway rankontre ak anplwaye e elèv jodi a nan Lekòl Elemantè Van E. Blanton pou yon evènman koupe riban.

###

15-DGD/083/HD/CF

 

 

Retounen sou Nòt pou Laprès