|
M-DCPS PREZANTE EVÈNMAN KOUPE RIBAN PWOJÈ BON Sipèentandan Lekòl yo Alberto M. Carvalho, Manm Komisyon Konsèy Lekòl Dtè. Dorothy Bendross-Mindingall, anplwaye, elèv ak lidè kominotè te rasanble nan Lekòl Elemantè Van E. Blanton jodi a pou yon evènman koupe riban pou pwojè $1.2 milya “General Obligation Bond” (Bon Obligasyon Jeneral) ki se rezilta yon gran majorite votè te apwouve. Pwojè renovasyon Lekòl Elemantè Van E. Blanton gen ladan renovasyon e mete ajou teknoloji yo. Total valè pwojè a te $2.2 milyon. Pou w konn plis sou pwogrè pwojè referandòm Komisyon Konsèy Lekòl la, vizite bondsforschools.dadeschools.net.
Sipèentandan Alberto M. Carvalho ak Manm Komisyon Konsèy Lekòl Dtè. Dorothy Bendross-Mindingall rankontre ak anplwaye e elèv jodi a nan Lekòl Elemantè Van E. Blanton pou yon evènman koupe riban. ### 15-DGD/085/DF/CF
|