|

|
POU DIFIZE IMEDYATMAN
Jedi 29 oktòb 2015 |
KONTAK: Carline Faustin
305-995-1188 |
***NÒT POU LAPRÈS***
M-DCPS SELEBRE 3YÈM ANIVÈSÈ GOB LA AVÈK EVÈNMAN KOUPE RIBAN NAN LEKÒL ELEMANTÈ PALM LAKES
|
Sipèentandan Lekòl yo Alberto M. Carvalho, manm Kominsyon Konsèy Lekòl yo, lidè kominotè, administrate Distri ak lekòl, pwofesè, elèv ak paran Lekòl Elemantè Palm Lakes |
|
Seremoni Koupe Riban pou nouvo renovasyon Lekòl Elemantè Palm Lakes, Evènman ak selebrasyon twazyèm anivèsè “General Obligation Bond (GOB)” (Bon Obligasyon Jeneral) votè yo te apwouve $1.2 milya GOB, votè nan Miami-Dade County te vote bilten an prèke a 70 pousan. |
KILÈ: |
Mèkredi 4 novanm 2015
9è dimaten
|
KI KOTE: |
Palm Lakes Elementary School
7450 West 16th Avenue
Hialeah, Florida 33014
|
POUKISA: |
Lekòl Leta Miami-Dade County te prezante evènman espesyal atravè lekòl distri lekòl la pou selebre finisman pwojè bon sa yo ki se rezilta $1.2 milya GOB. Bon an te sèvi pou modènize e konstwi bilding lekòl atravè distri a, agrandi kapasite elèv, amelyore sekirite andwa, e mete teknoloji ajou nan tout lekòl yo. Pou rive jodi a, nou depanse $120 milyon avèk yon lòt $100 milyon anba kontra.
Renovasyon ki ap suiv yo te fini nan pwojè GOB sa a alè e nan pri yo: enstale nouvo koridò kouvri, repare koridò kouvri ki te egziste, reglasiye andwa pou pake yo e repentire mak plasman yo, reglasiye plasman jwèt, ajoute kamera sekirite nan divès lokasyon; pentire divès lokasyon; ranplase patisyon pòtab nan divès lokasyon; mete plòg elektrisite pou sipòte divès estasyon òdinatè nou enstale; ranplase klimatizè nan Bilding 3, 4, e nan chanm kafeterya, ranplase trap pou kolekte grès kuizin, e ranplase chanm panèl elektrisite prensipal la. Total valè pwojè a se $1.4 milyon.
|
# # #
15-DGD/087/TC/CF
Retounen sou Nòt pou Laprès |