POU DIFIZE IMEDYATMAN
Mèkredi 28 oktòb 2015 

KONTAK: Carline Faustin
Miami-Dade County Public Schools
305-995-1188

 

ELÈV MIAMI-DADE KONTINYE BRIYE NAN EVALYASYON NASYONAL LA

MIAMI – Elèv Lekòl Leta Miami-Dade County kontinye reyalize akonplisman remakab, jan sa parèt nan rezilta “National Assessment of Educational Progress (NAEP)” (Evalyasyon Nasyonal sou Pwogrè Edikasyonèl) yo pibliye jodi a.  Plis pase 6,300 elèv nan 143 lekòl Miami-Dade County te patisipe nan administrasyon NAEP 4yèm ak 8yèm ane eskolè ane sa a.

Sipèentandan Alberto M. Carvalho di, “Kòm yon estanda prestijye nan konpare akonplisman elèv, NAEP--Kanè Nasyon an--revele pèfòmans ki pi enteresan an soti inikman nan Miami-Dade…  Nan tout domèn yo teste yo, M-DCPS demanti tandans nasyonal ak eta yo, e li fè pi gwo pèfòmans pase gran vil Etazini yo.”

Carvalho di, “Apre yon kantite akonplisman nan distri lekòl yo, ki gen ladan viktwa nou nan Prim “Broad” 2012 la, Meyè Distri Komisyon Kolèj nan Ane 2013 pou Plasman Avanse, ak Prim Distenksyon Distri “Magnet Schools of America,” (Lekòl Magnet Ozetazini) pèfòmans nou nan tèt NAEP se natirèlman yon bon previzyon pou elèv nou yo, pwofesè nou yo, ak pozisyònman ekonomik kominote nou an.”

Michael Casserly, Direktè Egzekitif, Konsil Lekòl nan Gran Vil yo di, "Lekòl Leta The Miami-Dade County yo senpleman fè sa yo dwe fè nan rezilta egzamen NAEP yo…  Pwogrè distri lekòl la te pami sa ki te pi rapid nan peyi a nan kèlkeswa gran vil la e nan tout domèn, menm lè rezilta nasyonal e eta a te gen tandans desann.  Yon gwo kout chapo pou pwogrè sistèm lekòl la ap fè pou timoun li yo."
Avèk yon popilasyon Elèv ki ap Aprann Anglè ki pa pwopòsyonèl ditou, M-DCPS demontre pèfòmans remakab nan Lekti, konpare ak rezilta nan tout peyi a ak lòt gran distri nan gran vil yo.
Elèv uityèm ane eskolè Miami-Dade te klase #1 nan peyi a nan Lekti; elèv katriyèm ane eskolè yo te #2 nan peyi a.  M-DCPS te sèl distri TUDA ki demontre pwogrè siyifikatif soti an 2013 rive 2015 nan Lekti 8tyèm ane Eskolè.

Nan katriyèm ane patisipasyon M-DCPS nan evalyasyon nasyonal la, elèv Ispanik Miami-Dade yo kontinye depase elèv nan menm nivo avèk yo atravè peyi a nan toude, Lekti ak Matematik e nan toude nivo yo teste yo, avèk mwayèn echèl nòt ki lajman siperyè modèl lekòl nasyonal la, lekòl nan gran vil yo, ak Florid.  Pami 21 distri ki te patisipe nan “Trial Urban District Assessment (TUDA)” (Esè Evalyasyon nan Distri Gran Vil) yo, Miami-Dade te kontinye briye.
Akonplisman elèv 4yèm ane eskolè Miami-Dade nan Matematik te amelyore tou yon fason siyifikatif soti 2013 rive 2015, li depase lekòl leta yo atravè peyi a.  Adisyonèlman, elèv Nwa nan M-DCPS fè nòt ki lajman siperyè elèv nwa parèy yo nan tout peyi a nan Matematik.
Malgre gwo bès atravè peyi a nan Matematik uityèm ane eskolè, elèv Miami-Dade yo kenbe nivo pèfòmans yo.

 

###

 16-DGD/090/JJS/CM

 

 

Retounen sou Nòt pou Laprès