POUKISA:
| Evènman an ap ofri medya a yon koudèy rapid sou planetaryòm dènye kri demi milyon dola a – sèl kalite san parèy nan yon lekòl Sid Florid. Etablisman fèk renove – ki pran twazan pou fèt la – ofri yon nouvo pwojektè ak definisyon wo avèk sonorizasyon e ekleraj dènye kri k ap mennen elèv soti nan sifas Mas rive anba lanmè a.
Planetaryòm nan se pyès prensipal pou pwogram Magnet Astwonomi lekòl la ki pral ofri elèv yo yon kourikoulòm egzijan ki ekspoze yo nan panse kritik, teknoloji, matematik, syans, opòtinite pou fè rechèch ak Plasman Avanse, pandan yo ap resevwa kredi pou kolèj atravè Florida International University. Plan adisyonèl pou planetaryòm yo gen ladan pwogram edikasyonèl pou elèv lekòl elemantè ak mwayen, devlopman pwofesyonèl pou pwofesè ak pwogram enfòmasyon pou kominote a. Yo pral devwale planetaryòm nan ofisyèlman pandan yon seremoni koupe riban 29 janvye. |