|

|
POU DIFIZE IMEDYATMAN
Vandredi 9 janvye 2015 |
KONTAK: Carline Faustin
Miami-Dade County Public Schools
305-995-1188 |
ELÈV M-DCPS KI FÈT NAN PEYI ETRANJE PRAL APRANN POU YO TOUNEN
SITWAYEN ENFÒME AVÈK YON PWOMNAD YO PRAL FÈ NAN KAPITAL ETA A
Anviwon 300 elèv 9yèm ak 10yèm ane eskolè ki fèt nan peyi etranje – ki gen mwens pase twa ane akademik nan peyi a – ki ap soti nan 13 lekòl segondè Lekòl Leta Miami-Dade County, pral kòmanse yon pwomnad kat jou nan kapital eta a lendi 12 janvye 2015. Pandan yo sou wout, yo ap estope nan University of Central Florida, University of Florida ak Florida State University pou vizite kanpous yo e fè konvèsasyon sou oryantasyon. Elèv yo te deja vizite Florida International University.
Inisyativ sa a fè pati premye "Rally to the Tally for New Floridians” (Rasanbleman Ale Tallahassee pou Nouvo Floridyen) ki janm fèt, an kolaborasyon avèk finansman “Close Up Foundation” e “Title III,” “Part A,” avèk Don pou Ogmante Opòtinite pou Imigran avèk Jèn ki Fèk Vini.
Elèv yo ap aprann sou gouvènman eta a ak federal la, vizite Kapitòl la, rankontre ak ofisyèl ajans eta yo e prepare yon Ajenda Lejislatif pou Jèn pou yo prezante pwopozisyon komite yo bay manm Chanm Depite ak Sena a nan Kapitòl la jedi maten. Aktivite yo pral ranfòse konfyans yo gen nan tèt yo pou sitwayènte aktif, ogmante konsyantizasyon sou valè kiltirèl Ameriken mete sou edikasyon ak patisipasyon kominotè.
Elèv ki ap patisipe yo reprezante peyi nan Karayib yo; Amerik Santral, Nò ak Sid; ak Ewòp. Lekòl segondè yo gen ladan: Hialeah Gardens, Hialeah-Miami Lakes, Miami Central, Miami Edison, Miami Sunset, Miami Coral Park, Miami Killian, Miami Senior, North Miami Beach, South Dade, South Miami, Felix Varela ak Westland Hialeah.
Suiv vwayaj yo a nan medya sosyal sou “Twitter” itilize #rallytothetally.
###
15-DGD/169/HD/SD
Retounen sou Nòt pou Laprès |