POU DIFIZE IMEDYATMAN
Mèkredi 14 janvye 2015

KONTAK: Carline Faustin
305-995-1188

***NÒT POU LAPRÈS***

SIPÈENTANDAN ALBERTO CARVALHO, MAJISTRA CARLOS A. GIMENEZ PRAL PALE NAN KONVANSYON POU JÈN LIDÈ AVEK PATWONAJ ASOSYASYON GOUVÈNMAN ELÈV AK KOMISYON JÈN NAN MIAMI-DADE COUNTY

KIYÈS: 
“Miami-Dade County Public Schools (M-DCPS)” (Lekòl Leta Miami-Dade County Public) “District Student Government Association (DSGA)” (Asosyasyon Gouvènman Elèv nan Distri a) ak “Miami-Dade County Youth Commission (MDCYC)” (Komisyon Jèn nan Miami-Dade County) 
KISA:
Konvansyon pou Jèn Lidè nan Miami
KILÈ: 
Jedi 15 janvye 2015
9è dimaten pou midi
KI KOTE: 
Lehman Theatre
Miami Dade College-North Campus
11380 NW 27th Avenue
Miami, FL 33167-3495  
POUKISA:

Pou fòme elèv pou yo vin lidè efikas e ankouraje yo pou yo aktif nan  kominote yo.

VIZYÈL:
    -Sipèentandan Alberto M. Carvalho ak Majistra Konte Carlos A. Gimenez   pral sèvi kòm oratè prensipal 
    -Plis pase 400 elèv lekòl mwayen e segondè atravè M-DCPS
    - Elèv pral patisipe nan atelye pou yo aprann fason efikas yo ka sèvi ak medya sosyal, pran lapawòl an piblik, fè preparasyon pou kolèj, ladrès biznis, kreye  rezo, lite kont vyolans e plis toujou
    - Papa John’s Pizza patwone repa midi a.
    -“Hashtag” pou evènman an se #YLC305   
KONTAK:
Jude Bruno
Espesyalis/Kowòdonatè Resous Kominotè
Biwo: (305)-755-6287 Pòtab: (305)-778-4371  
Adrès Elektwonik: JACN165@miamidade.gov

# # #

15-DGD/175/JJS/CM

 

Retounen sou Nòt pou Laprès