|
M-DCPS FÈ EVÈNMAN LANSMAN PWOJÈ BON AN NAN LEKÒL MWAYEN SHENANDOAH Sipèentandan Lekòl yo Alberto M. Carvalho, Manm Komisyon Konsèy Lekòl Distri 6 Raquel Regalado, ak lidè nan kominote a te rasanble nan Lekòl Mwayen Shenandoah jodi a pou yon evènman lansman pwojè bon an ki se rezilta apwobasyon eksepsyonèl votè yo pou Bon Obligasyon Jeneral $1.2 milya a. Yo ap sèvi avèk bon an pou modènize e konstwi bilding lekòl atravè distri a, ogmante kapasite elèv, mete plis sekirite nan etablisman yo, e ofri modènizasyon teknoloji nan tout lekòl. Renovasyon nan Lekòl Mwayen Shenandoah ap koute prèske $7.2 milyon ki gen ladan gwo reparasyon tankou ranplase sistèm HVAC a konplètman, ranplase twati kote li nesesè, ranplase pòt ak fenèt deyò, repare estriksti, eskalye, ranplase ranp ak balistrad, pòt anndan, ranplase seri pòt ak ankadreman ki nesesè, ak pentire deyò. Yo komisyone “Saltz Michelson Architects, Inc.” kòm achitèk yo anrejistre pou pwojè a e yo pran angajman pou yon objektif 25 pousan patisipasyon sou-konsiltan “SBE/MBE” (antrepriz ti biznis/antrepriz biznis minoritè). Yo komisyone “Thornton Construction Company, Inc.” pou sèvis pre-konstriksyon. Konpayi an, ki se yon “M/WBE” (antrepriz biznis minoritè/fi posede) Distri a sètifye, pran anganjman pou objektif 10 pousan patisipasyon sou-konsiltan SBE/MBE pandan pre-konstriksyon, e tou yon objektif 25 pousan patisipasyon pandan konstriksyon e yon objektif 20 pousan patisipasyon pandan aktivite jesyon konstriksyon yo. Yo pwograme pou faz plan an fini nan ete 2015 avèk yon alokasyon pou pwojè konstriksyon nan kòmansman 2016 e finisman konstriksyon nan ete 2017 la.
Sant goch a dwat –Manm Komisyon Konsèy Lekòl Raquel Regalado, Sipèentandan Alberto Carvalho, ak Direktè Lekòl Mwayen Shenandoah Humberto Miret rankontre ak anplwaye e elèv jodi a nan Lekòl Mwayen Shenandoah pou yon evènman lansman pwojè bon an.
### 15-DGD/178/DF/RL
|