POU DIFIZE IMEDYATMAN
Vandredi 30 janvye 2015

KONTAK: Carline Faustin
305-995-1188

***NÒT POU LAPRÈS***

LEKÒL LETA MIAMI-DADE COUNTY AP FÈ EKSPOZISYON STEM MIAMI-DADE

KIYÈS: 
Sipèentandan Lekòl yo Alberto M. Carvalho, Vis Admiral Vivek H. Murthy, Minis Sante Etazini, anplwaye M-DCPS, elèv, paran ak sistwayen ki enterese
KISA:
Ekspozisyon STEM Miami-Dade
KILÈ: 

Samdi 7 fevriye 2015
8:45-9:30 dimaten – Seremoni Ouvèti
10è dimaten - 1è nan aprèmidi – Konpetisyon
1:30-4è nan aprèmidi – Seremoni Prim

KI KOTE: 

Miami Dade College - North Campus
11380 N.W. 27th Avenue
Miami, FL 33167

POUKISA:

Ekspozisyon STEM se yon rasanbleman elèv ki pi kreyatif, entèlijan e ki gen plis resous Miami-Dade County ki ap fè konpetisyon e demontre gwo ladrès nan aktivite STEM. Tèm ane sa a se from iDeas to Reality” (Kite Lide Antre nan Reyalite). Ekspozisyon STEM nan se yon evènman ki ekspoze fwi travay di elèv yo e ofri yo yon eksperyans aprantisaj sou responsablite pou kominike rechèch ak plan jeni STEM nan kominote a. 

Vis Admiral Vivek H. Murthy, Minis Sante Etazini, yon ansyen elèv Lekòl Segondè Miami Palmetto, pral disponib pou fè komantè e rankontre   ak elèv. Dtè. Murthy te “Valedictorian” Klas 1994 Lekòl Segondè Miami                                             Palmetto.

# # #

15-DGD/183/DF/RL

 

Retounen sou Nòt pou Laprès