|
* * * DIFIZYON FOTO * * * Sipèentandan Lekòl yo Alberto M. Carvalho, Manm Komisyon Konsèy Lekòl Dtè. Marta Pérez, Direktè Julian Cazañas ak plizyè reprezantan Distri a te reyini nan Lekòl Segondè Miami Sunset maten an pou lanse pwojè konstriksyon Bon Obligasyon Jeneral li a. Renovasyon yo planifiye pou Lekòl Segondè Sunset yo pwograme pou fini nan fen 2016. Renovasyon sa yo gen ladan amelyorasyon HVAC, ranplase twati kote kote yo chwazi, amelyore pòt anndan ak deyò, plafon, ekleraj ak planche, yon pakou P.E., ogmante sekirite, retire kay pòtab e pentire deyò. Pwogram “GOB” (bon obligasyon jeneral) la bay yon alokasyon pwojè total pou $5,857,471, e Komisyon Konsèy Lekòl la komisyone “Silva Architects LLC,” (Achitèk Silva) kòm achitèk yo anrejistre pou pwojè a. Achitèk la se toude, yon M/WBE e yon SBE/MBE yo sètifye. Komisyon Konsèy Lekòl la te komisyone tou “Stobs Bros. Construction Company” (Konpayi Konstriksyon Stobs Bros.) kòm kontraktè pwojè a, pou bay sèvis pre-konstriksyon. Toude konpayi yo pran anganjman pou objektif 10 pousan patisipasyon sou-konsiltan SBE/MBE. Lekòl Segondè Sunset te orijinalman ouvri pòt li an 1977 e yo te pwolonje li atravè ane yo nan mete sistèm bilding yo ajou kote li nesesè. Jodi a yo te anonse plis nouvèl enteresan konsènan lansman kreyasyon yon Akademi Kominikasyon ann out, yon nouvo pakou ak teren, e miral ar ekspresif atravè lekòl la.
Dtè. Pérez ak Sipèentandan Carvalho, nan mitan, antoure ak elèv Sunset pandan yo ap lanse Pwojè Bon GO lekòl la. ### 15-DGD/186/HD/RL
|