|
AKADEMI ETID AVANSE CUTLER BAY AP LANSE PWOJÈ BON GO AN Sipèentandan Lekòl yo Alberto M. Carvalho, Vis Chèmann Komisyon Konsèy Lekòl, Dtè. Lawrence S. Feldman, Direktè Paul Pfeiffer ak reprezantan Distri a te reyini ansanm nan Akademi Etid Avanse Cutler Bay maten an pou lanse pwojè konstriksyon Bon Obligasyon Jeneral li a. Akademi Cutler Bay te ouvri pòt li an 1958. Yo pwograme pou fini Renovasyon atravè kanpous Akademi Etid Avanse Cutler Bay vè fen 2017. Renovasyon sa yo gen ladan ranplase yon pòsyon Building 1, sòf Oditoryòm ak Kafeterya/Kuizin nan, ansanm ak ranplase Bilding 2, 3 ak 4; nouvo konstriksyon an ap ofri apwoksimativman 615 nouvo plas pou elèv ak bilding 5 e 6 ki rete yo, konbine avèk laboratwa mizik nan Oditoryòm nan pou ofri yon total 602 plas elèv ki deja egziste; ak teknoloji nan nouvo salklas yo. Pwogram GOB a bay yon total alokasyon pwojè $12,631,148, e Komisyon Konsèy Lekòl la komisyone Laura M. Perez and Associates, Inc., kòm achitèk yo anrejistre pou pwojè a. Konpayi an gen sètifikasyon toude, M/WBE ak SBE/MBE. Achitèk la pran angajman pou yon objektif patisipasyon sou-konsiltan 25 pousan SBE/MBE. Nan reyinyon 11 fevriye 2015 li a, Komisyon Konsèy Lekòl la pwograme pou l komisyone Konpayi Konstriksyon Turner kòm kontraktè pwojè a, pou bay sèvis pre-konstriksyon yo.
Sipèentandan Carvalho ak Dtè. Feldman (mitan-dwat), ak elèv Akademi Cutler Bay ap lanse konstriksyon Pwojè Bon GO lekòl la. ### 15-DGD/194/CG/RL
|