POU DIFIZE IMEDYATMAN
Vandredi 6 fevriye 2015

KONTAK: Carline Faustin
305-995-1188

***NÒT POU LAPRÈS***

LEKÒL LETA MIAMI-DADE COUNTY AP FÈ EKSPOZISYON STEM MIAMI-DADE
Minis Sante Etazini an ap Oratè Prensipal nan Seremoni Ouvèti a  

KIYÈS: 
Sipèentandan Lekòl yo Alberto M. Carvalho, Vis Amiral Vivek H. Murthy, Minis Sante Etazini, anplwaye M-DCPS, elèv, paran ak sistwayen ki enterese
KISA:
Ekspozisyon STEM Miami-Dade
KILÈ: 

Samdi 7 fevriye 2015
8:45-9:30 dimaten – Seremoni Ouvèti
Vis Amiral Vivek H. Murthy, Minis Sante Etazini an ap Oratè Prensipal nan Seremoni Ouvèti a
10è dimaten - 1è nan aprèmidi – Konpetisyon
1:30-4è nan aprèmidi – Seremoni Prim   

KI KOTE: 
Miami Dade College - North Campus
11380 N.W. 27th Avenue
Miami, FL 33167 
POUKISA:

Ekspozisyon STEM se yon rasanbleman elèv ki pi kreyatif, entèlijan e ki gen plis resous ki ap fè konpetisyon e demontre ladrès yo nan aktivite STEM. Tèm ane sa a se “from iDeas to Reality” (Kite Lide Antre nan Reyalite).  Ekspozisyon STEM nan se yon evènman ki ekspoze fwi travay di elèv yo e ofri yon eksperyans aprantisaj sou responsablite pou kominike rechèch   ak plan jeni STEM bay kominote a. 

Nan premye diskou sou angajman piblik li fè depi konfimasyon li, Vis Amiral Vivek H. Murthy, Minis Sante Etazini pral oratè prensipal nan seremoni ouvèti a.  Diskou Dtè. Murphy a gen yon sans espesyal paske li se yon ansyen elèv Lekòl Segondè Miami Palmetto e “Valedictorian” Klas 1994 la.  Gradye Lekòl Leta Miami-Dade County e Premye doktè Etazini an pral pale avèk elèv yo konsènan eksperyans li kòm elèv ak kantite opòtinite e karyè ki genyen nan STEM.

Voye mesaj sou “Twitter” konsènan STEM Miami-Dade nan itilize #MDCPSSTEM                         




# # #

15-DGD/196/TTR/CM

 

 

Retounen sou Nòt pou Laprès