POU DIFIZE IMEDYATMAN
Jedi 19 fevriye 2015

KONTAK: Carline Faustin
Miami-Dade County Public Schools
305-995-1188

 

SEREMONI PRESTASYON SÈMAN KOMISYON KONSÈY LEKÒL LA

Komisyon Konsèy Lekòl Miami-Dade County pral fè yon seremoni prestasyon sèman pou Lubby Navarro, manm Komisyon Konsèy yo fèk nonmen an a 2è nan aprèmidi vandredi 20 fevriye 2015 nan Bilding Administrasyon Komisyon Konsèy la, 1450 N.E. Second Avenue, Miami, FL 33132.  
 
Gouvènè Rick Scott te nonmen Madan Navarro 13 fevriye 2015 pou ranpli plas Distri 7 Carlos Curbelo te kite a.  Madan Navarro gen prèske 20 ane eksperyans sèvis piblik, kote l te sèvi tou resamman kòm direktris egzekitif Afè Entègouvènmantal nan Lekòl Leta Miami-Dade County.  Li sèvi kòm manm nan plizyè òganizasyon kominotè ki gen ladan Miami-Dade County Redland Community Council 14 ak U. S. States Coast Guard Auxiliary, U.S. Homeland Security; Seventh Coast Guard District, Division 6, Flotilla 65 nan South Dade.  Madan Navarro te resevwa diplòm bachelye li nan Florida International University.

 

###

15-DGD/207/DF/RL

 

 

Retounen sou Nòt pou Laprès